Nou di aba tout malfèktè kap simen lasiblay nan mitan popilasyon an
Harry lagonave live
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Harry lagonave live, Évènement sportif, Village des sages, Anse à Galets.
09/02/2026
Dosye "Kout lè"/ Abitan Lagonav denonse malfektè k ap bay “kout lè”, aprè lanmò plizyè jenn gason.
Plizyè sitwayen ki kontakte La Nouvelle ak Zilepost pa kache endiyasyon yo aprè lanmò kèk jenn gason sou zile a. Daprè divès abitan, se “kout lè” ki lakoz lanmò sibit sa yo.
Pou konpoze lè a, “yo souvan itilize lè ki soti anndan kav epi melanje l ak nanm yon moun ki mouri (zonbi). Frajilite l depann de sibstans ki konpoze li”, yon kònèsè deklare.
Nan tan pase yo, se plis nan nuit moun te konn trape lè. Kontrèman ak lontan, “malfèktè” yo bay kout lè nan nuit tankou lajounen, daprè yon sitwayen ki pa otorize nou site non l. “Nan sachè nwa, boutèy, flach ak nan pla men”, malfèktè yo itilize tout estrateji pou pote osnon tann lè a.
Pratik sa ap vale tèren san fren sou zile Lagonav e deja lakoz plizyè jèn viktim. Popilasyon an pa konn ki sen pou yo priye, san rekou Lajistis ki pa ka apiye sou okenn tèks lalwa pou tranche nan ka sa yo.
Pwòch plizyè viktim ki pale, krache kòlè yo. “Aprè 3 jou, ti gason m nan te defòme. Li pat ka manje, ni bwè ni dòmi”, yon paran regrèt.
Divès obsèvatè lonje dwèt sou ougan ak mòg Lagonav ki, selon yo, kache dèyè pratik sa nan sousi pou rantre gwo sòm lajan nan ka maladi osnon lanmò.
09/02/2026
Nou rele aba tout malfra kap bay tijèn yo kout lè nou di non
04/02/2026
tout epit Harry lagonave live la ap swete yon joyeux anniversaire a Journaliste John Stervens Derisier🎂🥤🍷🍷🥂🥂🥃🥃🍾🍾🍾🍾🍾🍭🍭🍩
03/02/2026
Harry lagonave live swete yon bon anniversaire ak Jean rika cenescar
🍾🍾🍾🥂🥂🍾🥂🍽
Lagonave zile pam pi bèl
30/01/2026
Harry lagonave live swete yon bon anivèsè ak jeanrony volma ki pran nesans yon 30janvier
29/01/2026
Pataje abòne
28/01/2026
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Type
Site Web
Adresse
Anse à Galets