20/08/2026
Ti moun se lavni planèt la , ann nou leve yo nan lanmou ak respè pou anviwònman an.
Vodecc se yon òganizasyon kominotè ki gen pou objektif ede ak patisipe nan pwoteksyon anviwònman nan komin cerca-carvajal
20/08/2026
Ti moun se lavni planèt la , ann nou leve yo nan lanmou ak respè pou anviwònman an.
À Cerca Carvajal , le secteur agricole bat son plein face à la secheresse intensive.Il faut agir vite , si non les pratiques infernales liées à l'exploitation des ressources arboricoles seront accélées.
Sechrès pwolonje sa se konsekans krim anviwònmantal yo.
Nou prevwa reprann aktivite kominotè nou nan mwa out kap vini la. Nou swete jwen kolaborasyon ak sipò tout kouch nan peyi an.@
05/06/2026
5 Jen / jounen mondyal anviwònman.
VODECC/ Sèka Kavajal
Nan jounen espesyal anviwònmantal ane sa, VODECC ki se yon òganizasyon kap lite kont movès pratik kap detri anviwònman an, koube'l byen ba pou salye kouraj tout moun ak tout lòt òganizasyon kap mete men pou jere ak pwoteje anviwònman an. Se se yon travay ki egzije kouraj, detèminasyon , vizyon ak objektif.
Se yon moman pou nou reflechi sou presyon ak eksplatasyon kap fèt sou byodivèsite yo paske destriksyon byodivèsite a se destriksyon la vi an jeneral. Men tou jan endis klimatik yo ap deregle chak jou d plis ki koz n'ap sibi konsekans sa yo:
- Ratman dlo paske s*k dlo a enfliyanse pa presyon anviwònman an ap pran ( koupe pye bwa pa egzanp);
- Sechrès pwolonje ;
- Aparisyon maladi viral ak bakteryèn sou èt vivan yo ;
- Degradasyon ak pèt fètilite sòl yo;
- Fèb randman nan rekòt yo ;
- Ensekirite alimantè (5èm nivo);
- Polisyon : sòl, dlo ak lè;
- ak lòt toujou.
Konsekans sa yo trè patikilye nan tout komin depatman Sant, men avèk yon pousantaj an plis andan komin Sèka Kavajal.
Mesaj VODECC pou lane sa se >.
Pou nou atend objektif sa, nou dwe pote kole ak VODECC nan tout aktivite li yo tankou :
- Kanpay sansibilizasyon ;
- Rebwazman ak estrikti pou pwoteje sòl la kont ewozyon;
- Lite kont pratik boule tè , koupe pye bwa ninpòt kòman ak ninpòt ki kote ;
- Itilizasyon bèleng kap detwi la vi ki gen nan anviwònman an;
- Jete fatra nan rivyè ;
- ak lòt toujou.
Ann pote kole pou nou pwoteje anviwònman an.
VODECC se nou, nou se VODECC.
Jameson PIERRE, Ing.-Agr.
29/04/2026
Jodi an anpil agrikiltè nan bafon ak nan mòn ap pratike zewo labou , yo itilize pwazon sa nan plas labouraj ou saklaj. Ann poze kèk kesthon: Ak ki dozaj ? Ak ki ekipman ? Nan ki direksyon? Ki konsekans li sou nap freyatik la, sou sous dlo nou yo, sou rivyè nou yo, sou sòl la ak lòt èt vivan, e menm sou moun kap pratike'l ??? Antouka s*k byolojik yo ap dezekilibre chak jou d plis.
26/04/2026
Nap kontinye goumen pou s*kl natirèl yo ka ekilibre.
26/04/2026
Nou pap sispann travay pou byenèt lakay nou.@
25/04/2026
Youn nan pi bon patrimwàn botanik ak ekolojik peyi a. Se jis deplorab.
Jaden botanik Okay.Rossi Rossignol Jacques Jean-Elie
18/04/2026
Jodi jedi 16 avril 2026 la, Bibliyotèk Minisipal vil Hinche te sèvi kad pou òganizasyon 9yèm Tab Sektoryèl Anviwònman Depatman Sant lan, yon rankont enpòtan ki te reyini plizyè aktè konsène ak kesyon anviwònman an, ansanm ak nouvo direktè depatmantal la. Aktivite sa a te fèt nan lide pou ranfòse refleksyon ak aksyon sou pwoteksyon anviwònman ak devlopman dirab nan rejyon an.
Pou kòmansman rankont la, Eliakim LEURBOURS te fè lekti kont rann 8yèm tab sektoryèl la, sa ki te pèmèt patisipan yo revize prensipal desizyon ak rekòmandasyon ki te soti nan dènye reyinyon an.
Pou dezyèm pwen an, Marc-Albert R. CALIXTE te anime yon prezantasyon sou taks anviwònmantal kòm mwayen devlopman, kote te mete aksan sou enpòtans mete mekanis finansye serye pou soutni pwojè pwoteksyon anviwònman ak amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an.Li te fini pou mete aksan sou eksplwatasyon nan movèz kondisyon, absans, lwa kad ki pa genyen.
Twazyèm entèvansyon an te fèt ak Direktè Depatmantal Jean Dumanès, ki te pale sou maladi dlo ki pa pirifye lakòz, pandan li te atire atansyon sou risk sante piblik ki genyen lè popilasyon an ap itilize dlo sal oswa dlo ki pa trete. Li te mande plis sansibilizasyon ak mezi prevansyon.
Pou fini, JULES Michbordy te devlope tèm edikasyon anviwònmantal, kote li te ensiste sou nesesite pou fòme jenerasyon kap vini yo sou bon jan pratik pou pwoteje lanati, jere fatra ak konsève resous natirèl yo.
Divès kesyon enterè jeneral ki te anime sal kote moun yo t ap mande eske se mwayen finansman ou byen lojistik ki anpeche direksyon depatmantal Anviwonman an pwogrese sou plizyè lide ki toujou soti nan tab la, sitou yon sit dechaj nan depatman an ak divès lòt projè ki ta kapab fè tout aktè yo rejwen yo ansanm pou chanje vizaj vil Ench.
9yèm Tab Sektoryèl sa a make yon nouvo etap nan kolaborasyon ant enstitisyon leta yo ak lòt patnè nan depatman Sant lan, anba lidèchip nouvo direktè a, pou bay kesyon anviwònman an plis enpòtans nan politik devlopman lokal yo.
Kredi : Centre A Lune.