T Monnen Pa Ja

T Monnen Pa Ja

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de T Monnen Pa Ja, Équipe sportive, 103, Descahos, Gonaïves.

11/05/2026

Nòt Pou Laprès
Nap salye tout laprès an jeneral,Staff T Monnen PA JA a ap salye tou e koube li byen ba devan tout fanatik enkondisyonèl li yo e tout piblik la an jeneral pou anonse se avèk anpil regrèt aprè plizyè reyinyon e diskisyon ant manb direksyon an nou deside an majorite pou nou fè retrè sou desizyon pou nou te retounen e jwe mondyalito a ane sa a.Se avèk anpil amètim nou rekonsidere chwa nou te fè pou nou tounen e nou te konstate kontanman ak lajwa ki tap debòde nan kè tout fanatik yo lè anons la te fèt ofisyèlman men malerezman nou pap k kenbe kè kontan sa a pou lontan.Rezon ki fè nou retrakte sou desizyon an se kesyon ensekirite a ki vin pi mal sou rejyon an avèk nouvo teritwa ki vin pèdi e se te menm rezon sa yo ki te fè nou pa patisipe nan plizyè edisyon ki pase nan dènye ane sa yo e pa rapò ak mezi ki tap pran pou te amelyore kesyon sa a sou latibonit te fè nou kwè ke nou te k repote plezi bay fanatik nou yo ak gran piblik la,sitiyasyon sa a mete nou nan pozisyon pou nou pa onore sa nou te promèt la,paske nou pa vle riske lavi okenn jwè,dirijan,fanatik nan deplasman yo e se chak jou nou kriye nan fason nou te pèdi gwo kokenchèn jwè nou Harold Fédé e nou pa swete pèdi okenn lòt moun nan kondisyon sa yo ankor.
Nou vrèman pran desizyon sa a menm si nou tout pat fin dakò kesyon pa patisipe a men majorite a deside nou vin pa gen lòt chwa.Nap remesye tout moun ki te deja mobilize e reponn pou te ede ak yon nivo ou a yon lòt pandan nap sere menm enèji pou lè klima a pi propis pou nou tounen pou tout bon.Mèsi
Paul Edmond Aristilde
Secrétaire General

04/05/2026

Jou yo ap mache e nap avanse tipa tipa.Menm anvi a ak menm detèminasyon an!!!

13/04/2026

Gen anpil bagay kap kwit nap gen plis detay nan jou yo,koulè nou,motivasyon e objektif nou pap chanje paske nou gate nèt.

07/04/2026

Ane sa a tout moun ranje kò yo mèt beton an prezan!!!

Vous voulez que votre entreprise soit Gym la plus cotée à Gonaïves ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse

103, Descahos
Gonaïves
HT6410