14/02/2026
Atakan RACING des Gonaïves la "Claudeson Céus" fini Meyè Jwè, Meyè Bitè Premye tou Lig Ayisyèn Foutbòl la.
Kò m Prim li resevwa 2 Motosiklèt👏👏.
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de CMJ Média, Évènement sportif, Avenue des Dattes, Gonaïves.
14/02/2026
Atakan RACING des Gonaïves la "Claudeson Céus" fini Meyè Jwè, Meyè Bitè Premye tou Lig Ayisyèn Foutbòl la.
Kò m Prim li resevwa 2 Motosiklèt👏👏.
19/11/2025
Kite yon ti mo damou pou AYITI si w kontan Peyi w pral nan Mondyal🔥🔥🔥🔥💯💯💯💯💯💯💯💯.
05/08/2025
Parc Miguel Saint Jean nan Vil Gonayiv 🤔.
Se sou Teren sa RACING des Gonaïves Chanpyon nan lane 2016.
Kote Dirijan yo?.
17/01/2025
Aigle Noir de Chanflo an final Dimanch fas 4 Las nan " Parc Moïse Dumervil" de Descordes.
Depi anviwon 5 Lane Coach Jackson Jean toujou ap konstui bèl Ekip Foutbòl pou jwe Chanpyona nan Plèn lan. Ansyen Jwè RACING des Gonaïves pran Pep Guardiola kò m Modèl, se sa k fè l konstui Ekip li kote anpil balon ap pase bèl Foutbòl ap jwe, si l ap genyen fò l chame moun si l ap pèdi fò w wè Ekip li ap jwe.
Kò m Antrenè Aigle Noir li konstui yon Ekip ak 100% Jèn jwè Gonayiv k ap woule balon, ki bay moun anvi gade l.
Felisitasyon Coach Jackson kontinye fè sa w renmen. Pou Rapèl JJ se youn nan Jwè Gonayiv ki jwe CONCAF plis fwa, ki te konn jwe pou Ayiti nan Seleksyon U20, U23.
CMJ Média !
21/11/2024
Ann Swete yon bon Rekòt kafe ak Ansyen Kapitèn RACING FC des Gonaïves lan, Naté Bélizaire Ak RFC li Vis CHANPYON Nasyonal nan lane 1998, an 2008 li Chanpyon kò m Dirijan.
Jwè ki tape balon byen, fè long Pas, bay Chapo se 2 bagay li te konn fè trè byen nan jwèt la. Gwo Naté Andedan Teren an se yon Vinn gade kòman balon ap woule.
Bel Jwè Baskèt tou, li fè Pati 2 minorite Gonayiv ki te jwe 2 Disiplinn Espòtiv sa yo trè byen.
Selebre lavi w Kapitèn, Respè pou pase w nan Jwèt la.
02/11/2024
Bon rekòt kafe Pierre Junior Cristiano youn nan bel talan k ap jwe Gonayiv kò m Medyan defansif. Yon jèn jwè ki gen anpil talan ki gen volonte pou l avanse paske l renmen jwèt la.
Selon Jèn jwè a pote koulè RACING des Gonaïves se youn nan gwo Fyète nan karyè l.
Avanse Medyan Serye konte jwe pwòp !
05/10/2024
CEFOOJ FOOTGO ap fè final Mondyalito nan Categori U16 Demen fas Celtics. Si pi gran yo elimine nan 8èm dw final pi piti yo woule boul jis yo rive nan Final epi espere chanpyon, Bravo ti mesye👏👏👏.
25/09/2024
RÉVÉLATION youn nan bèl Ekip ki gen nan Chanpyona Vakans Mondyalito depi lane pase, Jodi a yo kalifye pou Demi-Final sou BROOKLYN& Libertina.
Gen 5 Jwè lekòl Foutbòl CEFOOJ FOOTGO ane k ap jwe nan Révélation kote gen 4 ki Titilè depi nan kòmansman Chanpyona.
#4 Kervenson Dumé youn nan Defansè k ap jwe pi byen Gonayiv nan Moman, bon konbatan.
#13: Clervoyant Wolf yon Machann boul andan Teren an piti sa konn jwe anpil.
#14 : Casséus Anderson ( Kamo14) Medyan Defansif tèt Chaje nèg ki konn jwe jwèt la epi l konpran n li.
Bravo Ti Mesye kontinye woule boul nan Vil nou.
CMJ Medya !
18/09/2024
Volim Foutbòl m wè Johnson Jeudy ( Ti Dekolinn) Jwe Ayè nan CONCAF CARRIBEAN CUP la pou REAL du CAP fas Cavalier yon ekip Jamayik pwouve nivo talan jwè sa.
Depi l tou Piti Gonayiv jwè sa ap fè moun rele anmwey wi ak kalite talan sa l genyen an, ou ka rive lwen anpil bèl jwè fè lafwa rete Pozitif ak mete plis disiplinn nan jwèt ou.
REAL du Cap bat 2-1 malgre aktivite Foutbòl kanpe nan peyi, Felisitasyon ak tout Ekip anpil balon woule Ayè nan lakou Jamayik.
Gonayiv ap tann ou pi wo Maestro pote bon nouvèl !
CMJ Média!
13/09/2024
Ayè Jedi 12 Septanm lan Oscar Oscar Noguer fini meyè jwè match 8èm de Final Mondyalito kote Ekip li Top Freinds bat Damballa FC 1-0.
Depi l piti l ap sakaje moun ak Nunemo 10 sa Gonayiv, Kontwòl ak Touch de bal jwè sa se bagay ki dous wi. Tou Piti Defen Antrene SONCHE PIERRE te mennen l nan "RACING CLUB HAïtien" moun pòtoprens te mande kote Coach la prale ak ti sourit sa😁li fè yo bwè mo a nan Estad la ak yon demonstrasyon Foutbòl anraje kote yo te mande l rete la nèt.
Nivo a te parèt bese menm kontan jan w kòmanse fè santi mèt Plas lan la frè m👊👊.
29/08/2024
Nan Tout Peyi sou Latè beni katye Popilè toujou bay anpil gwo talan nan Disiplinn Espòtiv ki rele FOUTBÒL la, nan Vil Gonayiv zòn lòtbò Kanal depi anviwon 6 lane "GONAÏVIA" se pami youn nan lekòl Foutbòl kote antrenè "Serge Marcelin " ap lite ak timoun yo ki gen anpil volonte.
Moutre Timoun se pa bagay ki fasil fò e gen anpil Pasyans, yo finalis 2 dènye fwa yo nan Mundialito kategori (U16). Yo ranpòte l an 2022, yo pèdi 2023 fas RACING D'orival.
Tchovi yo bezwen bon balon pou antrene, ak lòt materyèl pou antrèdman, yo nan nesesite bèl Ekipman pou yo jwe se pou sa yo bezwen èd gran piblik Gonayiv la ki gen volonte.
Kenbe la ti mesye nou se avni Foutbòl la pou lòtbò Kanal ak Gonayiv.
CMJ Média!