JLA Hinche Officiel

JLA Hinche Officiel

Partager

JLA = Jeunes Lattes en Action,Fondée en Juin 2008 avec 7 jeunes talentueux,dont (6 Garçons,1 Fille).

29/09/2025

Denye Batman kè chapyona a, se FC VICTORIA ki tap danse ak KOUP la🤩🎖🏆

26/09/2025

Nou pa sèlman swiv epòk yo, nou kreye epòk yo 🔥

"

26/09/2025

JLA NAN SAN NOU!❤️💙Fanatik JLA=POUVWA SAN LIMIT

25/09/2025

Nou pran poz, men nou pa janm sispann egziste ⚽ 2 zan repo....16 zan pasyon❤️💪

29/06/2025

J.L.A,(Jeunes rue des Lattes en Action). Juin 2008-Juin 2025=17 ans. Syèj JLA,se piwo lopital Sent Erèz Ench lan,anfas Eveche an!
Ansanm pou devlopman kominote a
Depi 2008 komite sa te kreye ak 7 moun. 6 gason,1 fi. kominike,Kominike
Kominike, pou Popilasyon Ench,e avwazinant yo.

Frè ak Sè nan kominote nou an,

Manb J.L.A yo salye nou, nan respè ak lanmou nou toujou genyen pou nou. Nap travay ansanm, depi 2008. Chak ane, nou toujou mete tout kè nou pou òganize Aktivite ,Chanpyona Foutbòl JLA a, ki tounen yon evènman tradisyonèl, k ap rasanble jèn, granmoun, fanmi ak tout zanmi pasi,pala nan kominote a. Nap raple byen ke J.L.A te fete 15 ane li nan Juin 2023 ki sot pase an la,e li te fè 17è edisyon Chanpyona aktivite li kòm dabitid. Nou te remèt tout bagay ke’n te pwomèt ak tout fanatik e Ekip yo nan final kite fèt dimanch kite 6 Out 2023 a.
Malerezman, ane 2025 sa ankò, JLA pap ka fè aktivite, chanpyona vakans. Se pa yon desizyon ki te fasil pou nou te pran, men gen yon seri de rezon ki depase volonte komite a, ki fè nou oblije mete l sou poz pou ane sa anko.

Nou konnen gen anpil moun ki tap tann moman sa a, ak enpasyans, e nou konprann sa. Se poutèt sa n ap prezante tout ekskiz sensè nou bay tout popilasyon an, tout atlèt, fanatik, ak patnè ki te toujou sipòte nou.

Menm si pa gen aktivite chanpyona ane sa a, JLA toujou la, n ap kontinye travay pou pote plis aktivite, plis devlopman, plis inite nan kominote a.

Nap mande pasyans nou, konpreyansyon nou, epi n ap asire nou ke nap retounen pi fò, pi solid ak plis inovasyon nan pwochen edisyon yo. Manb JLA yo,santi yo tap kontan si yo ta wè gen yon nouvèl ekip ki tava deside pran flanm lan sou tèren lat bò lopital sen terèz lan,pou kontinye tradisyon sa a. Se tap yon gwo e bèl bagay, JLA ap ankouraje nou kontinye mete respè, onètete, ak lespri kole zepòl nan tout sa n ap fè.
E si ta gen yn aktivite kap fèt, nou tap rnmn wè reyisit li, e setap osi yn bèl eksperyans pou tout ekip yo, fanatik ak sponsò yo,konsa nou ta va ranfòse lyen ak tout moun nan kominote a san paspouki.

An nou kontinye sèvi foutbòl la kòm zouti pou devlopman, disiplin, ak lanmou yonn pou lòt. NB- Menm si J.L.A pala,nap mande Manb popilasyon an,Fanatik,Sponsò,Ekip etc,pote Kole ak nenpot ki lot komite kita va deside mete sou pye kek aktivite pou pa kite moman sa pase ,San anyen pafèt,yn fason pou stress nou ka amelyore. Kit se J.LA,kit se yn lot staff ,se toujou lanmou ak Respè ki dwe degaje pou fanatik yo elatriye. Bay sipò nou ak nenpot staff kita deside mete lajwa lakay nou,menm si’l pata J.L.A,depui se lajwa kap kreye nan Respè ,epui komanse byen e fini byen,nou swete yo deja lanmou ak siksè. J.L.A se granmoun nan ,e granmoun rete granmoun.💪

Mèsi dèske nou toujou kwè nan J.L.A,
Ansanm n ap kontinye grandi. Jedi 27 Jwen 2025,J.L.A =Popilasyon an! Lanmou,lanmou,lanmou. NB : Nòt sila, pa angaje okenn moun pèsonelman,men li jwenn siyati ak otorizasyon : Kwodonatè Jeneral : SUPREME Ronaldo ak Konseye/Sekretè Jeneral JLA kise : JEAN Fito,viv Ayiti🇭🇹

28/07/2024

💥

24/07/2024

✅️

17/07/2024

110 000 mil mun😁🙌sak sot pase nan Hard Rock stadium nan pa anyen🙂✊️

17/07/2024

⚽️🥇🟨🟥
👤plase balon an isi patizan se pa la😁
Tag li pou nou🙌💪

16/07/2024

Match matin yo solèy pa solèy fanatik yo kanpe dan☺️⚽️🏆💥

Vous voulez que votre entreprise soit Gym la plus cotée à Hinche ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Type

Téléphone

Adresse


Rue Des Lattes
Hinche