22/05/2026
Yon photo vo plis ke mil mo. Jodia pye bannann sa yo gentan rekòlte. Pa fwa nan lavi se pa kotew soti men se kotew prale. Wout la pap fasil. Montay yo ap wo. Solèy ap bat ou. Men pa dekouraje. Renmen tèt ou. Renmen prochenw. Renmen peyi ou. Monte drapo a byen wo. A la fen se rezilta ki konte.
CTF ap travay pou lakay. Peyi a, department an, komin nan. Ti pa Ti pa. Pitit lakay pou lakay. 7èm Edisyon sa se la pou'w la. Siw pa la, tann pou lòt ane.
Ann kore lakay. Kelke swa kote ou ye. Fè pou lakay. Paske Lakay se Lakay.
21/05/2026
Lè nou priye nou mande Bondye fòs kouraj kapasite ak sante. Nou priye pou tout peyi a, department an ak komin nan. Nou priye pou chak grenn moun an jeneral. Men gen moun nou mande Bondye pou kontinye sèvi ak yo proteje yo. Mèt kamyon sa an fen. Respè chapo ba.
21/05/2026
Bonjour Fanatik CTF yo. Jodia pandan nap prepare pou anpil boul nan mwa kap vini yo, CTF gen yon ti kesyon tou piti.
Premye moun di ki match sa te ye epi ki dat li te jwe, CTF ap mete 1500gds minit pou ou.
NB: moun ki te filme a pa ladanl
19/05/2026
Eskew wè ki kote? Ane sa, se la pou'w la. Siw pa la, tann pou lòt ane. Lakay se Lakay!
15/05/2026
Fanatik CTF yo. Banm non 4 Bon Atis ki konn pentire nan Komin nan. Ann bayo love la. Eske gen Atis ankò? (Sa ki konn fè tablo/desen)
12/05/2026
Fanatik CTF yo. Kesyon sa se pou ou. Siw ka dim ki ekip kap jwe la. Ki dat (jou ak ane) moun ki 1er jwenn li an ap jwen yon kado.
Ou gen tout jounen a pou al cheke archive ou. 7pm.
11/05/2026
Siw gen archive vre, eskew ka explike foto sa? 1er Moun ki explike e di ki dat li te fèt nap kontaktew. jwèt pou ou.
NB depiw nan foto a ou pa ladanl 🤣
11/05/2026
Vizyon an komanse ak sa ki te disponib. Ak sa nou te genyen. Wou, pikwa, manchèt, pla men nou. Men Sak pi important se kwayans, lamou, epi detèminasyon.
Zye potko wèl, bouch potko palel, zòrèy potko tandel. Menm panse potko pansel.
Wi Haiti kapab. Ti pa ti pa. Kèlkswa kote ou ye. Lakay se Lakay.
Nou pa manke vre. Mantalite a. Se sa ki Changement Total la.
11/05/2026
Kiyes ki sonje champyona sa?
08/05/2026
Vizyon CTF siw kwè li ka tounen yon realite. Nap travay depi 2020 San kanpe paske Lakay se Lakay. Ane sa fè nou 6an. Menm amou an. Kelkswa kote ou ye. Nou ankourajew. Li pap fasil. Lap mande anpil sakrifis. Anpil difikilte. Anpil detèminasyon. Men siw kwè li ka tounen yon realite. Ti pa ti pa.
05/05/2026
Chak ane. Yon sèl randevou. Championnat CTF 2026 se la pou'w la.