Les Cayes football club vs Gommier premier quart de final coupe saint Yves
Foot Dekòde
Konprann foutbòl la yon lòt jan ak Foot Dekòde. Analiz an pwofondè sou taktik, jesyon ekip, ak fenomèn espòtif majorite moun pa wè.
Konpreyansyon foutbòl ap pèmèt ou jwi pi byen tout sa l ka ofri w kòm valè, tankou disiplin, rezilyans, motivasyon...
04/05/2026
Les Cayes FC te òganize yon seyans deteksyon pou jèn talan ki vle entegre ekip la Samdi 2 me 2026 lan.
Malgre sa pa t nan plan nou okòmansman, apre anpil demand ak volonte pou n vin pi fò, nou te pran desizyon pou ouvri pòt la.
Plis pase 30 jèn ki sòti nan tout Grand Sid la te reponn prezan, ak anpil detèminasyon ak rèv.
Kontinye suiv nou n ap prezante w nouvo pantè 🔵🔥
Plizyè nan nou poze m kesyon sa :
Kòman fanm k ap jwe football jere moman règ yo ?
Nou envite yon jwèz football ki jwe nan pi wo nivo nan peyi a e reprezante peyi a plizyè fwa pou reponn kesyon sa yo.
Vin gade pou w jwenn repons ak kesyon sa yo.
Si w gen lòt kesyon, poze l nan espas kòmantè a.
27/04/2026
Dènye chapit sou tèren an rive.⚽🔥
Nou fin dekouvri prèske tout sekrè tèren foutbòl la, men gen kèk detay anpil moun neglije… e se yo menm ki konplete jwèt la.
Nan videyo sa, m ap montre w dènye pati yo:
✔️ Zòn kwen an ak drapo yo
✔️ Dènye makaj ki fè diferans nan desizyon abit la
✔️ Ti detay ki parèt senp… men ki ka chanje yon match
Si w panse ou te konnen tèren foutbòl la, videyo sa ap fè w re-pansee tout bagay.
👉 Gade li jis rive nan fen, paske se la w ap konprann jwèt la vrèman.
💬 Di m nan kòmantè: ki pati nan tèren an ou te pi souzestime?
Nan pati sa a nan seri a, nou antre pi fon nan estrikti tèren an:
📏 dimansyon yo
📍 diferan zòn yo
📖 sa lwa football la di sou yo.
Paske football pa sèlman jwe, li òganize ak presizyon.
Si ou se jwè, coach, oswa ou renmen football, ou pa gen dwa pa metrize eleman de baz football yo. Se y ap fasilite w konprann sa k ap pase sou tèren an.
🎯 Objektif seri sa a:
fè ou wè tèren an tankou yon pwofesyonèl, pa tankou yon amatè.
👉 Pa rate pwochen pwochen videyo yo paske chak detay konte.
Si w pa metrize tèren an, ou pa metrize jwèt la.
Ann al idantifye diferan pati nan tèren an.
❤️
🚨 Pwoblèm nan pa YouTube, men fason nou sèvi avè l.
Anpil coach ann Ayiti ap pran egzèsis yo wè sou YouTube
➡️ san yo pa konprann objektif yo.
➡️ san yo pa analize nivo jwè yo.
➡️ san yo pa konekte yo ak Sistèm jwèt ekip la.
Rezilta :
❌ Antrènman bèl, men initil
❌ Jwè yo ap travay, men yo pa pwogrese
Yon bon coach pa kopye, li reflechi, li adapte, li konstwi.
👉 Chak egzèsis dwe reponn ak yon pwoblèm klè nan ekip ou.
Si w pa ka eksplike POUKISA w ap fè yon egzèsis, pa fè l.
💬 Di m nan kòmantè yo:
Èske w deja itilize yon egzèsis san w pa vrèman konprann li ?
12/04/2026
🕯🕯🕯
90% moun k ap pale de football pa menm konnen diferans sa yo… ⚠️
Yo melanje:
❌ Taktik
❌ Chema taktik
❌ Sistèm jwèt
❌ Fòmasyon
Epi yo panse yo konprann jwèt la…
Men verite a ?
Si ou pa metrize diferans lan, ou pa ka li yon match, ou pa ka konprann desizyon antrenè a, ou jis ap gade boul la kouri.
Nan videyo sa, m ap kraze konfizyon an yon fwa pou tout. 🧠⚽
Gade l jiska fen… paske dènye pati a se sa ki fè diferans ant yon moun ki gade football ak yon moun ki KONPRANN li.
💬 Di m nan kòmantè:
Eske ou te konn diferans lan deja, oswa ou te nan 90% la ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.