Kay Atlèt

Kay Atlèt

Partager

Kay Atlèt! Sports and Goods

Photos from Kay Atlèt 's post 18/08/2026

Lemon Field Stadium nan Bergeaud te vibre anba gwo anbyans nan okazyon bèl final twazyèm edisyon Les Cayes Open lan.

Aprè anpil kout rakèt ak bèl jwèt, Bazane Junior ak Flaubert Saintilus sakre chanpyon pou edisyon sa a. Yon gwo kout chapo pou yo pou bèl pèfòmans sa a.

Kay Atlèt remèsye anpil ekip FRAGER a,pou konfyans yo fè nou,nan chwa materyèl ki te sèvi pou reyalize bèl evènman sa a.

Felisitasyon ankò pou chanpyon yo, ak tout moun ki te rann bèl fèt espòtif sa posib !!!

Edma JunotAdma BoulHyppolite Pierre CharlesFc Juventus des CayesAmerica Fc Des Cayes

Photos from Kay Atlèt 's post 12/08/2026

Chanpyona vakans yo ap kontinye !!!
Ou paka monte tèren an ak nenpòt soulye pèpè.

Pase nan Kay Atlèt pouw achte tout dènye modèl soulye foutbòl yo.
Bon jan Adidas Predator, Nike Phantom, ak Puma Ultra.

Kontak nou se 3860-0250, ou vizite nou nan vil Okay, Chapantye ( Menm lokal ak John Design services).

Photos from Kay Atlèt 's post 08/06/2026

Sipò nou pou lidè yo nan Sid la pa gen limit. Angajman nou depase tèren foutbòl la poul rive touche lespri jèn yo. Dimanch 7 jen an, nou te bò kote estrikti CAPUC pou final 3èm edisyon Geni Entèskolè a nan Kavayon.

Nou adrese yon gwo felisitasyon ak Kolèj Notre Dame de Gros-Marin, ki ranpòte gwo tit chanpyon an devan Kolèj Shemarina de Kavayon.
Bravo pou bèl pakou sa a!

Kay Atlèt remèsye anpil ekip CAPUC la pou konfyans yo fè nou nan chwa materyèl ki te sèvi pou reyalize bèl evènman sa a. Nou la poun akonpaye jèn yo vè siksè.

Photos from Kay Atlèt 's post 06/06/2026

Ayiti nan mondial,Kay Atlèt nan batay!!!

Batay pa nou an, se poun toujou pote materyèl orijinal ak pi bon kalite pou tout kliyan fidèl nou yo.

Nap onore chanpyon nou yo ak bèl trofe djanm, kalite siperyè, kap dire pou tout tan epi ki pap janm degrade apre de semèn.

Pase vizite Kay Atlèt nan #28 Chapantye ( Menm lokal ak John Design Services), Cayes - Sud, Ayiti…
Telefòn: +(509)3860-0250

Kay Atlèt: Tout pour le sport

03/06/2026

Fè evènman ou an rete nan listwa!
Bèl trofe dore ak ajan, meday ak rekonpans kalite siperyè disponib nan Kay Atlèt.
Pa neglije kontakte nou kounye a sou numero +(509)3860-0250.

Ou bien vizite nou #28 Chapantye (Menm lokal ak John Design) Cayes-Haïti.

25/05/2026

Ayiti nan mondial, epi kapitèn chanpyona vakans yo toujou ap met elastik nan ponyèt !!!

Kay Atlèt envitew pase achte brasa kapitèn orignal paw la nan:
# 28 Chapantye, Cayes ( Menm lokal ak John Design Services)
Telefòn:+(509)3860-0250.

Photos from Kay Atlèt 's post 17/05/2026

Misyon Kay Atlèt se poul klere pye tout jwè nan vil Okay ak dènye modèl soulye foutbòl yo!

Jodi a, nou pote pou ou bèl modèl Nike Vinicius Junior a “ VINI FLY”

Chanpyona vakans yo rive, ou pa ka parèt sou tèren an ak soulye ki la depi lè Kolonèl Freeze te chèf kriswa 😁😁😁

Vizite Kay Atlèt nan #28 Chapantye (menm lokal ak John Design Services), oubyen rele nou nan 3860-0250.
Kay Atlèt: Tout pour le sport
America Fc Des CayesMeri OkayLigue Haïtienne De Football -LHFFc Juventus des Cayes

Photos from Kay Atlèt 's post 16/05/2026

Fanatik foutbòl, gwo sipriz la rive!

Pa gen kesyon gade soulye orijinal nan televizyon ankò.

Modèl espesyal Nike Mercurial ki pral briye nan Mondyal 2026 la, deja disponib pou chanpyona vakans yo an Ayiti.

Fè mennaj ou oswa zanmiw yon sipriz ki pap janm soti nan tèt li. Pase nan Kay Atlèt kounye a pouw pran pal la.

Kay Atlèt: Tout pour le sport ⚽️⚽️⚽️
America Fc Des CayesMeri OkayEnfo Foutbòl NasyonalFc Juventus des CayesFrandji CharlesEchonews sportHyppolite Pierre CharlesLigue Haïtienne De Football -LHF

15/05/2026

Kliyan an pa gen tan pou li pèdi, chanpyona vakans pral kòmanse, li vle jwe ak adidas predator a.

Tout bèl soulye original kap nan mondial la, ap dispo nan Kay Atlèt.
Pase réklame modèl paw la.

Kay Atlèt ⚽️⚽️⚽️

15/05/2026

Ou fè parti de kliyan kap tann soulye football ( Nike Mercurial) sa yo dispo nan Kay Atlèt la yo tou???

Vous voulez que votre entreprise soit Gym la plus cotée à Les Cayes ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Type

Site Web

Adresse

28 Charpentier
Les Cayes
HT8110

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 17:00