13/06/2026
Nou tout se grenadye, nou nan batay. Alasoooooo 💪🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Leve li jou !!! Leve leve, menm si depi 18 novanm 2025 lan lespri nou pat janm dòmi nan tann jou sa a !
Leve leve, al devan pòt kay vwazen w, di lònè, l ap reponn respè ! Wete chapo w, wete sapat nan pye w, rantre bal akolad ! Di l men jou a rive ! Di l NOU NAN BATAY !
La p sèvi w kafe nan yon gode emaye, pran kasav oswa kabich ou, pen rale oubyen biskwit, si se tranpe w renmen, tranpe ! Apre bwè ti dlo epi leve je w gade mòn nan, di lanati bonjou ! Di zansèt yo men jou a rive !
Manche koulin ou si w pral nan jaden, pase djakout ou sou do w si w pral nan mache, sere ne kravat ou si w se kesyè labank, pran baton krè w si w se pwofesè. Machann, sonje pran t**e w met sou tèt ou ! Jodia nou tout se yon sèl !!! Nou tout dwe fè yon sèl ! NOU TOUT SE GRENADYE !
Nou pral fè linyon fè lafòs la tounen refren im nasyonal la jodia !
13/06/2026
💪
Pòt ouvè ak tout timoun, tout jèn ki reve vini gadyen. Se moman pa w la. Nou ouvè ak tout jwè, menm si w deja fè pati de yon akademi, yon lekòl foutbòl, ou byen ou lib, pòt ouvè pou nou, vini amelyore kapasite w.
11/06/2026
Nuelo Académie Football ( NAF ) ap prezante nouvo logo l la.
05/05/2026
Un grand merci à mes nouveaux followers ! Michaella Alexandre, Christo Casimir, Makeng-son'n Norame, Holly Beauvoir, Cleeven Myra
03/05/2026
3-1 anfavè NAF, sa se 4 bitè match la. NAF VS Haitien Community Sports International
Catégorie U14
03/05/2026
Fils Aimé Finder toujou nan ekip U14 la, pat rete endiferan, li ta pral make 1 goal. E match la te fini 3-1 anfavè NAF fas ak ekip vizitè a Haitien Community Sports International.
03/05/2026
Nan match sa tou Lexida Jean Keny U14, tap pral make tou 1 goal. NAF VS Haitien Community Sports International. Match ki te fini 3-1 anfavè NAF
03/05/2026
Fequière Will Jhonn te make pou ekip U14 la, yon match ki fini 3-1 anfavè NAF , ki tap jwe ak ekip Haitien Community Sports International
19/09/2025
UNITED SOCCER COACHES
Gran fòmasyon coach ki te òganize 2019, nan Pak St Terèz, Petyon vil
Prezidan Coach Bresier Fritz