02/05/2025
🚨 Aksidan Ayiti/Piyon
Jan nap gade la sa se yon Hiace ki fe kolizyon ak yon trelè yeswa ant 8è pral 9è nan aswè sou wout savanèt la tou prè lekol Dr Guy a .
Selon enfomasyon nou genyen te gen 3 moun nan machin nan chofe a ki Johnny ak lot 2 moun ke nou pako rive idantifye.
Yonn nan moun sa yo mouri nan aksidan an nap pale de chofè a ki se gwo Johnny pitit fanette jan anpil moun piyon konnen . E lot moun yo lopital
Rete branche pou plis enfomasyon……
📸 Ville Pignon Média
A la une
14/10/2024
Bonne année scolaire les enfants
Ville Pignon Média
Nan yon sitiyasyon ki pa favorab a majorite paran, nou fè sakrifis kanmenm voye timoun yo lekòl pou al resevwa sa ki ka fè yo moun demen, nou kontan.
Nou gen pou devwa swete fòs, enèji ak tout kalte bagay nesesè pou elèv yo pase yon bon lane lekòl. Yon mansyon espesyal pou chak grenn pwofesè, manm direksyon ak ti pèsonèl chak enstitisyon nan komin Piyon an patikilye e nan peyi a an jeneral, ki deja met tout yo menm disponib pou akonpaye elèv yo.
IDÉAL ap kontinye fè devwa li nan akonpaye elèv yo nan kad aktivite paraskolè li yo. Se yon misyon ! 🙏🏾
IDÉAL Génie Interscolaire
Godson Sériphin
Ville Pignon Média