27/04/2026
Jan ekip nou an toujou di l lan se “Avèk Bondye, nou ka fè siksè”, nou kontinye aprann ak amelyore pou pote pou ou yon lòt edisyon ou poko janm wè.
Prepare w pou premye semèn boul la, ak anpil lòt bèl anbyans espòtif ou pral jwi nan Wobiya. Slogan nou se Kore Lakay, Bati Lavni.
-Ekip Kominikasyon-
15/04/2026
*CHAMPIONNAT LA PAIX* nan Wobiya, pou 17yèm edisyon sa a, nou makonnen ansanm yon lòt fwa ankò pi sere ak tout dirijan, antrenè, jwè yo ak piblik la nan respè jwèt la, pou pote plezi nan kominote an, patisipe nan devlòpman kominote a, epi fè pwomosyon pou espò.
Nou envite tout moun vin dekouvri “poul” yo ansanm ak match ki pwograme yo. Nou pwomèt nou yon edisyon ki pral pote anpil sipriz ak bèl moman.
Nou swete tout ekip yo siksè, pandan n ap tann nou tout nan ouvèti chanpyona a, k ap fèt 14 jen, ak yon gwo match:
⚽ UNION FC de Carrefour des Pères vs Santos FC de Tovar
Ak La Suisse Infos, Kerley Graphics, Mèt Denis Jean-Jacques epi rès ekip la ak lòt medya yo, chak imaj ki pran, chak son, chak repriz ak done k ap bay sou Chanpyona pral sakre ak *LAPÈ*.
Vini a foul pou sipòte espò lakay!
SLOGAN: KORE LAKAY, BATI LAVNI
*EKIP KOMINIKASYON “CHAMPIONNAT LA PAIX”*
23/03/2026
La Commission d’organisation de la 17ème édition du Championnat « La Paix » de Robillard informe officiellement les dirigeants des seize (16) équipes engagées dans la compétition de la tenue d’une réunion d’une importance capitale. Cette rencontre se déroulera le samedi 11 avril 2026 à compter de 10h00 AM, au local de JM PLAZA. La présence de chaque équipe est vivement recommandée, compte tenu des décisions importantes qui seront prises pour le bon déroulement du championnat.
15/01/2026
Nous tenons à vous informer que,
les inscriptions continuent , il ne reste que six places.
02/01/2026
Anons Ofisyèl – Komite Òganizasyon 17èm Edisyon Chanpyona « Chanpyona Lapè nan Wobiya »
Nou gen plezi anonse ofisyèlman lansman nouvo komite òganizasyon ki pral dirije ak kondui ak tout pasyon 17èm edisyon Chanpyona Anblematik kominote a « Championnat La paix de Robillard »
Se ak anpil angajman,devouman ak vizyon nouvo ekip sa a pare pou make listwa, ranfòse inite, mete jenès la an valè epi kontinye fè bwi pozitif nan tout zòn nan.
Nou swete tout manm nouvo komite a bon travay, kouraj ak bon kolaborasyon pou reyalize yon chanpyona ki fyè de non li!
Rete konekte pou plis detay sou dat ouvèti, patisipan, ak gwo nouvèl ki pral vini aprè!