24/08/2025
Getro Mozart
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Getro Mozart, Entraîneur, delmas, Port-au-Prince.
� Mozart Taktik du Game & Analiz football
� Coach football | Taktik | teknik | vizyon |Posesyon |entèlijans de je Mwen montrew sa lòt pa wè sou teren an
24/08/2025
📊Analiz Match :
Manchester City vs Tottenham
1.Taktik
.Manchester City
.Fòmasyon: 1-4-1-4-1.
.Sou defans: pase nan yon 1-4-3-3 ak yon blòk wo.
.Sa kite anpil espas nan do defans lan, sitou dèyè latéral yo.
.Nan faz ofansif: City libere latéral dwat la kòm elektron lib; pafwa li rantre nan mitan teren an bò kote medyan defansif lan, pafwa li monte kòm 8
.Fè anpil konbinezon pou chèche brèch, men move pas nan dènye zòn yo limite yo anpil nan premye mitan.
•Tottenham
.Fòmasyon 1-4-3-3
.Pozisyone plis an blòk medyan, defann pa zòn, ak yon pressing entans.
.Ofansivman: yo jwe pi senp, pi dirèk, ak pase rapid devan.
.Soti balon: swa ak latéral goch la, swa ak long balon nan do defans City a, sitou dèyè latéral yo, gras ak elye ki fè anpil apèl.
.Mitan teren: plis konplémantarité , ak yon box-to-box ki bay ekip la projeksyon vè atak la
2.Teknik
•Manchester City
.Te gen balon plis, men desevan teknikman nan premye mitan an .
.Mank mobilite nan mitan jwè yo rann li difisil pou kase pressing Tottenham lan.
•Tottenham
.Pi trankil ak stab nan tranzisyon.
.Yo gen yon latéral goch, yon elye dwat, mitan tèren konplè ki te pote estabilite ak entansite.
.Pa yon ekip "super teknik" , men yo byen balanse.
3.Entèlijans de Jeu
•Tottenham te plis entans ak fizik nan pressing, sa rann City mal alèz nan premye mitan an.
•Manchester City te pasyan nan elaborasyon, men san ase varyasyon teknik pou dezekilibre blok Tottenham nan.
•2èm mitan: Guardiola fè 2 chanjman vit ( nan 10 premye minit).
.Jwè yo ki antre yo pi teknik ak mobil, sa pèmèt yo pase pressing Tottenham lan.
.City te vin pi alèz, pi angaje nan dyèl yo, ak plis mouvman ofansif.
•Tottenham, menm si li te pèdi enèji ak efikasite nan pressing apre, kenbe bon estrikti taktik li.
4.Evalyasyon Coach yo
•Pep Guardiola ( Manchester City)
.Te chèche kenbe yon blòk wo pou mete presyon, men te pran anpil risk ak espas dèyè latéral yo.
.1 er mitan: ekip li te manke teknik ak mobilite pou kontni pressing Tottenham.
.Ajisteman nan 2èm mitan ak chanjman yo te itil, men li poko jwenn yon 11tipik ki konplè fizikman.
• Thomas Frank( Tottenham)
.Gen yon plan ki byen anplas, ak plizyè fason pou soti balon.
.Sèvi ak fòs fizik, pressing entans, ak mitan tèren balanse pou domine.
.Trè solid taktikman, ekip lan parèt pi konplè ak pi klè nan vizyon li.
5.Jwè ki make diferans (Tottenham)
.Latéral goch: solid nan defans ak pwopoze ofansifman.
.Mitan tèren: konbatif, teknik, agresif, ak karaktè diferan ki pote ekilib.
.Elye dwat: mobil, abil, toujou aktif nan apèl de bal.
6.Konklizyon
Match la te gen yon entansité fizik, taktik, teknik, ak entèlijans elve.
•Tottenham: pi bon nan premye mitan an, merite plis rekonesans pou pressing ak fòs fizik li.
•Manchester City: malgre posede balon plis, li manke teknik ak mobilite nan 1er mitan, e chanjman Guardiola yo te nesesè pou redrese.
Fòs Tottenham: pressing entans, kapasite defann zòn, estabilite mitan
Fòs Manchester City: kapasite kenbe balon, men limite san varyasyon teknik pou kraze blok solid.
🔎Analiz Match :
Manchester United vs Arsenal
1.Taktik
.Manchester United: kanpe nan yon 1-3-4-2-1, ak yon blok medyan avanse ki chache pouse Arsenal lwen. Twa (3) defansè yo toujou byen alinye, se yo ki oryente rès ekip lan , demi-latéral yo ak 3 jwè devan yo te jwe ant liy, nan objektif pou louvri brèch nan defans Arsenal.
.Arsenal komanse ak yon 1-4-3-3 , men sou faz defansif yo retounen nan yon 1-4-4-2 , yo pat chache anpil elaborasyon, men yo te ale rapid , dirèk, fizik, ak deplasman mitan teran trè aktif . Nan atak rapid yo, ak 3-4 pas yo te rive pote danje nan kan United.
2. Teknik
. M.United te montre anpil pasyans ak presizyon nan elaborasyon, balon te sikile byen nan mitan teran pou chache espas . Mason Mount te ilize kom fo 9, sa te libere anpil mouvman pou Cunha ak Mbeumo ki te trè mobil
.Arsenal, malgre mwens konstriksyon, te itilize presizyon Ødegaard pou kreye vitès ak efikasite, li te premye relansè chak atak rapid .
.Nan dènye jès yo, Unitedte pèdi presizyon: swa nan pas final, swa nan desizyon gòl.
3.Entèlijans de jeu
.Manchester United: plan klè ak balon, plan klè san balon, yo te chache presyon pi wo, men Arsenal te rive evite anpil sitiyasyon difisil gras ak vitès teknik jwè yo. Lè premye liy pressing United lan kase, yo tounen rapid nan yon 1-5-4-1pou bloke espas.
.Arsenal: entèlijan nan deplasman blok yo, itilize pressing nan moman pou deranje United. Atak yo pat twò long ni twò riske, men te alèz ak tranzisyon rapid.
4.Fòs ak feblès
•United
✅Plan klè taktikman
✅Alinyeman defansè yo trè solid
✅Mobilite atak ak bo elaborasyon
❌Dènye jès yo manke presizyon
❌Pressing segondè yo pa t toujou mache jan yo te vlel
.Arsenal
✅Fòs fizik ak deplasman mitan teran
✅Ødegaard kòm lidè kreyatif
✅Defans byen anplas nan yon 1-4-4-2
❌Pa twò elabore taktikman
❌Depann anpil sou vitès ak tranzisyon rapid
5.Opinyon m kòm coach
.Tou 2 coach yo te pote yon vizyon klè
.Coach Manchester United: pi klè nan ide taktik li, pran risk, fè ekip lan avanse sou teren.
.Coach Arsenal: pi matirite nan kontwòl ritm, evite danje, pran desizyon pi senp.
••Si m tap chita sou ban United, mwen tap chache plis presizyon nan dènye pas yo, epi ajoute yon atakan ki ka pi frèt nan finisyon aksyon yo.
6.Konklizyon
.Sete yon match ki te fizik , entans, taktikman wo, kote chak jwè te mete anpil entèlijans de jeu . United te plis chache domine , Arsenal te plis senp men efikas.
Tou 2 coach yo montre fòs yo: youn pi risk ak plan klè, lòt la pi matirite ak balans.
Premye analiz mwen sou paj lan
Tottenham vs Psg
1 TAKTIK
▪︎Alinye ekip yo :
•Tottenham : 1-5-3-2(defans) / 1-3-5-2 (ofansif)
• Psg : 1-4-3-3 (defans) / 1-4-1-4-1 (ofansif)
▪︎Faz defansif
•Tottenham pafwa defann a 4 defansè men sou kèk faz, li te oblije libere yon latéral pou make piwo nan 5 defansè l yo.
•Psg te mete yon blok wo pandan tout match lan
▪︎ Faz ofansif
•Tottenham te itiliz yon blok medyan avanse jiska 72e minit; aprè sa li te bese blok lan
•Psg te elaji distans jwè yo pandan yo te gen balon an, sa rann yo mwens ekilibre nan premye mitan.
•-Premye mitan ;
•Totenham te pi solid fizikman ak taktikman , kenbe posesyon san balon an atravè pressing entèlijan.
•Psg manke ekilib nan premye mitan, men yo te amelyore nan dezyèm mitan lè Fabian Ruiz te mont nan match lan
2-TEKNIK
• Psg te trè bon teknikman, espesyalman nan mouvman ak pas .
• Tottenham te gen yon kalite fizik siperyè ki te pèmèt yo jere pressing ak posesyon san balon.
• Dembele (PSG) te montre plis alèz aprè chanjman nan dezyèm mitan.
•Mendès pran plis risk nan fen match la pandan chita sou vant Tottenham .
3-ENTELIJANS de JEU
•Tottenham te entèlijan nan jere espas jiska 72e minit, konbine taktik ak fizik pou kontwole match la.
• Psg te pran plis tan pou adapte yo, men chanjman coach la chanje kontni match lan.
• Ekip yo te montre adaptabilite:
Totenham bese blok apre chanjman Psg, Psg vin pi danje nan 10 denye minit .
4-Opinyon m sou coah yo (ak sa mwen ta p fè nan plas yo)
•Coach Tottenham: Byen prepare fizik ak taktik jiska 72e minit, men desizyon pou bese blok la te fè yo pèdi avantaj presyon an.
• Coach Psg: Bon coaching , chanjman yo te amelyore ekilib ak kontni lan, e sa te fè jwè tankou Dembele pi efikas.
•Si m te nan plas yo: m tap planifye yon chanjman taktik pou kenbe presyon ak kontwole espas menm aprè 72e minit pou evite pèdi avantaj fizik
5- Konklizyon match lan
•Match lan te trè fizik ak entans.
• Totenham te domine fizikman ak taktikman premye mitan, men te pèdi kontwol ak chanjman l yo e chanjman Psg yo
• Psg te montre teknik siperyè ak adaptabilite apre premye mitan , chanjman coach la te kle nan balans match la.
• Nan fen match lan, Psg te vinn pi danje, pandan Totenham te pèdi presyon ak pozisyon avan yo
▪︎-Leson: bon taktik, adaptabilite, ak chanjman nan match ka chanje tout dinamik la
13/08/2025
🏟 kòmansman se premye gòl la
Jodi a, m ap gad match pou m lanse premye kontni sou platfom mwen .
Mwen poko gen ekipman pafè a, men sa p ap anpeche m pataje ak ou sa w pa janm remake nan match yo .
Pas, deplasman, espas......gen bagay ou p ap wè nan televizyon, men m ap montre w yo.
Kòmansman an difisil, men m ap kenbe ritm lan .
🔥Swiv mwen pou w wè football nan yon lòt je
_G.M | Getro Mozart
20/07/2025
Je suis le Mozart du Game
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Type
Site Web
Adresse
Port-au-Prince
HT6110