06/09/2026
Daprè enfòmasyon otorite yo, Esther Thomas, alyas Nice-B, ta prezan sou sèn kote yon jèn fanm, yo idantifye kòm Baby Love, te sibi yon atak brital ki te mennen nan lanmò li.
Yon videyo ki sikile anpil sou rezo sosyal yo montre plizyè moun ki t ap patisipe nan zak vyolans lan. Nan imaj yo, yo wè de jèn gason ap atake viktim nan ak manchèt, pandan li t ap mande yo pou yo sispann. Yon vwa fanm tande nan videyo a, kote li mande pou yo koupe tèt viktim nan. Sou rezo sosyal yo, plizyè moun idantifye vwa sa a kòm vwa Nice-B.
Zak la pwovoke gwo endiyasyon nan mitan popilasyon an. Anpil moun mande otorite yo pran dispozisyon pou idantifye ak arete tout moun ki ta enplike nan krim nan.
Apre videyo a te kòmanse sikile, Lapolis ak Lajistis pran mezi pou jwenn Esther Thomas. Komisè Gouvènman Kwadèboukè a, Guy Alexis, ta bay lòd pou arestasyon Nice-B epi mande fòs lòd yo nan depatman Lwès la pou mete men sou li.
Bò kote pa l, Polis Nasyonal d Ayiti mete yon avi rechèch sou Esther Thomas pou asasina, tantativ asasina ak asosyasyon malfektè, daprè enfòmasyon otorite yo bay. https://www.youtube.com/-HT