Keona Motivation

Keona Motivation

Share

Paj sa a kreye Pou enspire w e motive w mantalman . Wap jwenn istwa Ak paròl Motivan ki Pou èdew

04/13/2026

Vote Miss Wed-marline Vedrine
002

Découvrez la magnifique Védrine Wed-Marline, candidate MSJ-002, fière représentante de La Source.
Jeune, élégante et déterminée, elle porte haut les couleurs de sa communauté dans cette 2e édition de Miss Saint-Jean.
Son ambition, son charisme et sa motivation font d’elle une candidate à suivre de près.
Soutenez votre candidate favorite :
Like
Commentaire
Partage
📷









04/11/2026

Yon Gwo Kout chapo Pou Ariana. Pepit nou an 🇭🇹🇭🇹🇭🇹

04/06/2026

S’assombrit 🌑

Épisode 6 : Fòs nan silans

Apre trayizon an, Kore pa t menm moun ankò.
Li pa t pale anpil ankò.
Li pa t fè konfyans fasil ankò.
Li te aprann viv ak doulè li… an silans.
Chak maten, li leve ak menm kestyon an:
"Kijan m ap fè soti nan sitiyasyon sa a?"
Men li pa t gen okenn moun pou reponn li.
Se konsa Kore deside fè yon bagay diferan.
Li sispann konte sou moun.
Li kòmanse konte sou tèt li sèlman.
Li itilize sa li genyen:
👉 entèlijans li
👉 eksperyans li
👉 tout sa li aprann nan lekòl
Menm si li pa t antre nan inivèsite, li pa t sispann aprann.
Li li liv li jwenn.
Li obsève moun ki ap fè bagay yo reyisi.
Li aprann kijan pou li fè ti lajan ak ti opòtinite ki parèt.
Pa t fasil.
Gen jou li pa fè anyen.
Gen jou li santi li fatige.
Gen jou li vle lage.
Men chak fwa sa rive…
li sonje:
Vadchy
Kimo
rèv li
E li leve ankò.
Piti piti…
yon ti chanjman kòmanse fèt nan lavi li.
Li pa t gwo bagay ankò…
men li te yon kòmansman.
Pou premye fwa depi lontan, Kore santi yon ti limyè.
Men li pa t fè bri sou sa.
Paske li konnen:
👉 Lavi konn bay… men li konn pran tou.
E vrè kestyon an rete:
Èske limyè sa a ap dire… oswa li pral disparèt ankò?

👉 Kontinye nan Épisode 7… 🌧️🔥
Herard Fred Gentilhomme Rey Mike Elisena Vedrine Haïtiglobal News 1505 Vedrine Sammy Jennifer Keona Motivation Marco Dossous

04/01/2026

S’assombrit 🌑

Épisode 5 : Konfyans ki kraze

Apre lanmò Vadchy, lavi Kore te vin pi lou pase tout tan.
Li te pèdi gid li.
Li te pèdi moun ki te toujou montre li chemen.
Men li pa t gen tan rete ap kriye lontan…
paske lavi pa t ap tann li.
Kore te oblije leve chak jou pou li kontinye goumen.
San zanmi bò kote li.
San moun pou ede li vrèman.
Men nan mitan tout difikilte sa yo, te gen yon moun ki te parèt tankou yon solisyon.
Yon moun ki te montre li sipò.
Yon moun ki te fè li kwè ke li pa pou kont li.
Kore te mete konfyans li nan moun sa a.
Li te pataje plan li.
Li te pataje rèv li.
Li te menm eseye konstwi yon avni ak èd moun sa a.
Men li pa t konnen…
li t ap fè konfyans move moun.
Yon jou, Kore vin dekouvri yon verite ki fè kè li frèt.
Moun li te fè konfyans lan…
te itilize li.
Sa li te pataje yo te vire kont li.
Opòtinite li te panse li t ap jwenn…
te disparèt nan men li.
Pire toujou…
se menm moun sa a ki te fè lòt moun wè Kore tankou yon moun ki pa serye.
Nan moman sa a, Kore santi tankou:
tout efò li yo pa vo anyen
tout konfyans li bay yo gaspiye
tout espwa li yo ap kraze
Li te ka tonbe.
Li te ka abandone.
Men Kore fè yon bagay diferan.
Li fè silans.
Li pa kriye devan moun.
Li pa chèche fè eskandal.
Li jis pran doulè li…
epi li transfòme li an fòs.
Nan yon kwen, pou kont li, li di:
"Yo ka trayi mwen… men yo pap janm detwi mwen."
Depi jou sa a, Kore vin chanje.
Li vin pi fèmen.
Li vin pi reflechi.
Li vin aprann fè bagay li yo pou kont li.
Paske li konprann yon bagay:
👉 Pa tout moun ki bò kote w ki vle wè w monte.
Men malgre tout sa…
yon kestyon toujou rete nan tèt li:
Èske li ap janm jwenn yon vrè opòtinite pou chanje lavi li?

👉 Kontinye nan Épisode 6… 🌧️
Keona Motivation T-kore Keona Vedrine Haïtiglobal News 1505

03/30/2026

S’assombrit 🌑

Épisode 4 : Gid la ki ale

Nan lavi Kore, te gen yon moun ki te plis pase fanmi.
Yon moun ki te toujou la pou li…
yon moun ki te toujou konnen kisa pou li di lè lavi vin difisil.
Se te gran kouzen li… Vadchy.
Vadchy pa t sèlman yon kouzen.
Li te tankou yon frè, yon gid, yon limyè pou Kore… ak pou Kimo tou.
Se li ki te konn rasanble yo.
Se li ki te konn ba yo konsèy.
Se li ki te konn fè yo kwè ke menm si lavi di… yo ka rive.
Li te konn di yo:
"Nou pa gen anyen jodi a… men nou ka vin yon bagay demen."
Pawòl sa yo te toujou rete nan tèt Kore.
Men yon jou…
Yon nouvèl rive.
Yon nouvèl ki pa t sanble reyèl.
Vadchy mouri.

Silans.
Se sèl bagay Kore te santi nan moman sa a.
Li pa t kriye touswit.
Li pa t pale.
Li te jis chita… ap gade vid.
Kimo menm te kraze nèt.
Paske pou li tou, Vadchy te plis pase yon gran kouzen.
Se te moun ki te toujou montre yo chemen.
Koulye a…
chemen an te sanble vin fè nwa.
Nan lannuit sa a, Kore te pou kont li.
Li sonje tout pawòl Vadchy te konn di li.
Tout moman yo te pase ansanm.
Li sonje kijan Vadchy te toujou kwè nan li… menm lè lòt moun pa t kwè.
Yon dlo je tonbe sou figi li.
Li murmure dousman:
"Ou kite m twò bonè…"
Nan moman sa a…
li te santi yon gwo vid nan kè li.
Tankou yon poto ki te kenbe li…
tonbe.
Men menm nan doulè sa a, yon vwa nan tèt li leve.
Se te tankou Vadchy t ap pale ankò:
"Pa lage… kontinye goumen."
Kore siye dlo je li.
Li pran yon gwo souf.
Malgre kè li lou…
li fè yon pwomès:
👉 Li pap kite lanmò Vadchy vin kraze rèv li.
👉 Li pral kontinye pou li… pou Kimo… pou fanmi li.
Men lavi pa t fini teste li…
Paske pandan li ap eseye kenbe tèt li…
yon moun pral trayi li.

👉 Kontinye nan Épisode 5… 💔
T-kore Keona Vedrine Haïtiglobal News 1505

03/20/2026

S’assombrit 🌑

Épisode 3 : Pou kont li devan lavi

Apre separasyon ak zanmi li yo, lavi Kore te vin chanje nèt.
Pa t gen ri ansanm ankò, pa t gen diskisyon sou rèv yo ankò.
Kat zanmi yo te vin fè
kat chimen diferan.
Kore te rete pou kont li.
Chak maten li leve, li santi yon vid.
Li sonje kijan yo te konn mache ansanm…
kijan yo te konn pale sou avni yo.
Men kounye a, li sèlman gen silans ak kestyon.
Malgre tout sa, Kore pa t bliye objektif li.
Li te vle kontinye etid li.
Li te vle antre nan inivèsite.
Se konsa li kòmanse fè demach.
Li ale nan plizyè kote.
Li chèche enfòmasyon.
Li ranpli papye.
Chak fwa li depoze yon dosye, li te gen yon ti espwa nan kè li.
Men lavi pa t fasil avè l.
Gen kote yo mande lajan li pa genyen.
Gen lòt kote yo pa menm ba li chans.
Gen jou li mache lontan anba solèy…
pou finalman tounen lakay li ak men vid.
Nan katye a, moun yo te kòmanse pale ankò.
"Kore pa rive okenn kote."
"Tout sa li te fè lekòl la, pou kisa?"
Pawòl sa yo te frape li… men li pa t montre sa.
Paske Kore te aprann yon bagay:
li dwe kache doulè li pou li ka kontinye mache.
Yon swa, li te chita pou kont li nan fènwa.
Li pa t gen okenn moun bò kote li.
Pa gen zanmi.
Pa gen moun pou ba li direksyon.
Se li menm sèlman… ak lavi a.
Li leve tèt li, li pran yon gwo souf… epi li di:
"Menm si mwen poukont mwen… mwen pap sispann."
Nan moman sa a, Kore te pran yon desizyon:
👉 Li pral konbat lavi a ak entèlijans li.
👉 Li pral leve tèt li poukont li.
Men li pa t konnen…
lavi t ap prepare yon doulè ki t ap pi lou pase tout sa li te deja viv.

👉 Kontinye nan Épisode 4… 😔
Abòne pounou ka jwenn rès istwa a ak plis pwojè ki pi bèl e pi emosyonèl toujou.
Keona Motivation Haïtiglobal News 1505 Vedrine Sammy Jennifer KEONA FOOT INSIDER

03/15/2026

S’assombrit 🌑

Épisode 2 : Kat zanmi, yon sèl rèv

Lè Kore te rive nan klas segondè, lavi li te kòmanse chanje yon ti kras.
Se nan moman sa a li te rankontre yon jèn gason ki rele Polo. Polo te gen anpil enèji, li te renmen pale de lavni, li te toujou ap fè plan pou kijan lavi yo ta ka vin pi bon.
Byen vit, Kore ak Polo te vin bon zanmi.
Men Polo pa t sèl moun nan lavi Kore.
Kore te gen yon ti kouzen li ki rele Kimo.
Malgre Kimo te pi piti pase Kore, li te toujou konpòte li tankou yon moun ki gen anpil matirite.
Li te konn bay Kore konsèy, ankouraje li kontinye ak etid li, epi fè li sonje ke rèv li yo enpòtan.
Gen yon lòt jèn yo te konn pase anpil tan ak li tou. Non li se Mako.
Mako pa t menm lekòl ak yo, men li te toujou bò kote yo.
Li te konn ede yo ak kèk travay lekòl, epi li te konn pase anpil tan ak yo nan katye a.
Se konsa, piti piti, kat jèn sa yo vin tounen yon sèl ekip solid.
Kore, Polo, Kimo, ak Mako.
Yo te toujou ansanm.
Yo te konn etidye ansanm.
Yo te konn pale de rèv yo.
Yo te konn di youn lòt ke yon jou yo tout ap rive fè lavi yo chanje.
Nan moman sa a, yo te santi tankou anyen pa t ka kraze amitye yo.
Men lavi gen pwòp plan li.
Apre yo fin termine etid klasik yo, chemen yo te kòmanse chanje.
Kimo, malgre li te pi piti, te jwenn yon opòtinite pou li ale aletranje.
Polo te antre nan inivèsite pou li kontinye etid li.
Mako, li menm, te chwazi aprann yon metye pou li ka kòmanse travay.
E Kore…
Kore te rete ap reflechi sou pwochen etap lavi li.
Pou premye fwa, kat zanmi ki te toujou ansanm yo te kòmanse separe.
Yo chak pran pwòp direksyon yo.
Kore te gade chimen yo ap divize, panda@n li santi yon vid nan kè li.
Li pa t konnen sa ankò…
men separasyon sa a te pral kòmansman gwo eprèv nan lavi li.

Kontinye nan Épisode 3… 🌧️

Keona Motivation T-kore Keona Vedrine KEONA FOOT INSIDER

03/14/2026

S'ASSOMBRIT 🌑

Épisode 1 : Orijin Kore

Nan yon katye kote lavi pat@ janm fasil, te gen yon ti gason yo te rele Kore.
Depi li piti, Kore pa t viv nan abondans. Kay li pa t gwo, pafwa menm te gen jou kote manje te pa ase. Men malgre sa, paran li te toujou fè efò pou li grandi ak respè ak kouraj.
Kore te yon timoun ki te toujou reflechi anpil. Pandan lòt timoun yo t ap jwe nan lari a, li menm li te konn chita ap gade syèl la, tankou li t ap chèche repons nan zetwal yo.
Gen moun ki te konn di li:
"Ti gason sa a toujou nan panse."
Men sa moun yo pa t konprann… se ke Kore te toujou ap reve.
Li te reve yon lavi kote li ta ka ede fanmi li.
Li te reve yon lavi kote difikilte yo pa t ap kontwole desten li.
Lè Kore te kòmanse lekòl, tout bagay te vin klè pou pwofesè yo.
Ti gason an te entèlijan anpil.
Li te konprann leson yo vit.
Li te konn poze kestyon ki te konn fè pwofesè yo menm sezi.
Chak ane, Kore pase klas li san double.
Men malgre tout sa, lavi pa t janm fasil pou li.
Gen anpil fwa li te oblije etidye nan mitan bri katye a.
Gen fwa pa t gen ase limyè lakay li pou li li liv li yo.
Men Kore pa t janm plenyen.
Nan tèt li, li te toujou di:
"Yon jou… tout bagay ap chanje."
Men lavi pa toujou mache jan yon moun espere.
Paske pandan Kore t ap grandi ak rèv li yo…
plizyè moun te deja ap tann echèk li.

👉 Kontinye nan Épisode 2…
KEONA FOOT INSIDER T-kore Keona Vedrine
Keona Motivation Haïtiglobal News 1505

08/09/2025
07/29/2025

*“L’amour vrai est une force qui guérit les blessures et illumine les jours sombres. N’abandonne jamais quelqu’un que ton cœur chérit, car ensemble, vous pouvez surmonter toutes les épreuves.”*










motivation

06/25/2025

(Ext. Quartier – Aube. La lumière est grise, un vent léger agite les feuilles des manguiers. Keo se tient devant la vieille maison où vivait autrefois Fanou.)

Épisode 2 : Les ombres du passé

---

Keo (murmure, refermant sa valise)
Cinq ans, et les murs ont tout gardé en mémoire…

(Il frappe à la porte. Silence. Puis, Fanou apparaît, plus maigre, un regard mêlé de surprise et de méfiance.)

Fanou (hésitant)
Keo… C’est bien toi ? Je… je ne m’attendais pas à te revoir ici.

Keo (doucement)
J’avais des questions. Et j’ai besoin de toi.

Fanou (ouvre la porte plus largement, le laissant entrer)
Entre… mais ne t’attends pas à ce que tout soit comme avant.

(Int. Salon de Fanou – Les meubles sont couverts de draps. Un vieux poste de radio grésille.)

Fanou
Tu veux quoi, Keo ? De l’aide ? Du pardon ? Ou tu cherches juste à rouvrir des blessures ?

Keo
Ni l’un ni l’autre. Je veux comprendre pourquoi tu m’as laissé tomber le jour où j’en avais le plus besoin.

(Flashback rapide en noir et blanc : Keo, blessé, criant le nom de Fanou dans une ruelle déserte.)

Fanou (la voix tremblante)
Je… j’avais peur. Ils m’ont menacé. Ils ont dit que si je ne te parlais pas…

Keo
Qui ? Qui t’a empêché de dire la vérité ?

Fanou (regard fuyant)
Je ne peux pas te le dire ici. Viens chez Leyoo. Il saura ce qu’il en est.

---

(Ext. Atelier de Leyoo – Matin. Leyoo sculpte du bois, l’air concentré. Keo et Fanou arrivent.)

Leyoo (pose son outil, sourit faiblement)
Keo. Tu émerges des ténèbres… Qu’est-ce qui t’amène ?

Keo
Ta sœur me dit que tu sais quelque chose sur… eux.

Leyoo (lève les sourcils)
Si je parle, je mets ma famille en danger. Mais tu es venu chercher la vérité, non ?

Keo
Oui. Je suis prêt à tout entendre.

Leyoo (regard grave)
Alors assieds-toi. La nuit où tout s’est effondré… j’ai vu Mako discuter avec Kimo, dans l’ombre de l’église. Ils parlaient de toi. De ce que tu savais.

Fanou (interrompt)
Je t’avais dit qu’il y avait un complot.

Keo (serre les poings)
Mako… Kimo… ensemble ?

Leyoo
Ils t’ont laissé tomber pour protéger leurs intérêts. Kimo veut garder son empire intact, et Mako… il croyait te sauver de la vérité, même si ça revenait à trahir tes espoirs de rédemption.

(Un bruit de moto retentit au loin. Keo se lève, tendu.)

Keo
Je dois voir Walker et Vavoo. Ensemble, on mettra fin à ce mensonge.

---

(Ext. Carrefour sombre – Crépuscule. Walker et Vavoo apparaissent tous deux, armes dissimulées, visages fermés.)

Walker
Tu joues un jeu dangereux, Keo.

Vavoo
Mais on est là. On ne te laissera pas affronter tout ça seul.

Keo (soulagé)
Merci. Ensemble, on remettra les comptes à zéro.

(Ils se rapprochent en cercle, déterminés.)

Keo
Désormais, la vérité sortira. Et chacun payera le prix de ses choix.

---

Veux-tu qu’on entre dans le détail de leur plan pour confronter Kimo et Mako, ou souhaites-tu un focus sur l’un des personnages ?

06/25/2025

Want your business to be the top-listed Gym/sports Facility in Hollywood?

Click here to claim your Sponsored Listing.

Location

Telephone

Address

Hollywood, CA