08/06/2026
📜 APÈSI | YON JOU TANKOU JODI A
📅 6 Dawout
Jodi a nan listwa, plizyè gwo evènman make mond lan.
🕊️ 6 Dawout 1945: Etazini lage premye bonm nikleyè ki te janm itilize nan lagè sou vil Hiroshima, nan Japon. Dè dizèn milye moun pèdi lavi yo, epi evènman sa a rete youn nan pi gwo trajedi nan listwa limanite. Li sèvi kòm yon rapèl sou enpòtans lapè ak dyalòg ant pèp yo. (HISTORY)
🇯🇲 6 Dawout 1962: Jamayik jwenn endepandans li anba Wayòm Ini. Depi jou sa a, chak 6 dawout se fèt nasyonal peyi a. (Time and Date)
🇺🇸 6 Dawout 1965: Prezidan Lyndon B. Johnson siyen Voting Rights Act la, yon lwa istorik ki ranfòse dwa pou vote epi entèdi diskriminasyon elektoral Ozetazini. (Time and Date)
📌 APÈSI raple nou: Konnen listwa ede nou konprann prezan an epi prepare pi byen pou lavni.
APÈSI – Enfòmasyon ki klere lespri.
08/06/2026
DCPJ
Siw paka kriye
Pa fè Makak ✍🏼
08/05/2026
😥 Refleksyon
Sa fè mal lè nou wè kèk Ayisyen sanble ap rejwi lè lòt frè ak sè yo ap pase gwo difikilte ak kestyon imigrasyon. Olye nou youn soutni lòt, pafwa se divizyon ak jouman ki pran plas.
Gen anpil nouvo imigran ki rive travay di, fè ekonomi epi chèche bati yon pi bon avni pou fanmi yo. Sa pa ta dwe fè nou jalou ni fè nou swete yo mal.
Kèlkeswa estati imigrasyon yon moun oswa sitwayènte li, pa bliye rasin nou. Ann aprann gen plis respè, plis konpasyon, epi sipòte youn lòt nan moman ki difisil yo.
Yon kominote vin pi fò lè li chwazi solidarite olye rayisman.
08/05/2026
🇭🇹 Grenadye U-20 yo kite tèt yo wo!
Apre yon batay ekstraòdinè ki te dire jis rive nan dènye segonn yo, seleksyon Ayiti U-20 a elimine nan Chanpyona CONCACAF U-20 la apre yon defèt 5-3 nan kout penalite kont Kosta Rika, apre yon match ki te fini 1-1. (concacaf.com)
Depi nan kòmansman rankont la, Clavens Exantus te fè tout yon pèp leve kanpe ak yon bèl gòl espektakilè ki pral rete grave nan memwa fanatik foutbòl ayisyen yo. (concacaf.com)
Menm si rèv kalifikasyon pou Koup di Mond FIFA U-20 2027 la fini nan etap sa a, jèn Grenadye yo demontre kouraj, disiplin ak detèminasyon. Yo fè lemonn wè talan ak lespri konba ki karakterize jenerasyon sa a.
Mèsi, Grenadye! Nou te fè tout yon nasyon fyè. Kontinye travay, kontinye kwè, paske avni foutbòl ayisyen an toujou klere atravè nou. 🇭🇹⚽❤️
08/05/2026
Ki pri Iphone 17 pro Max
An 🇭🇹?
08/03/2026
🚨🚨
Mwen swete leta
Pi kite l Twò ta
Moun Monri Nan panik Depi yon Bon Moman .