27/07/2023
Malgre difikilte....ebyen nou t reponn, nap dsann al onore prezans nou, nou kondane poun fè viktwa sou ekip 4×4 novyon an jodya....donk nou pa pè, nou pap janm pè tibouk devan...pi rouye pi koupe
ASPB Association Sportive Petit Bourg de Borgne . La Refference
Fondé en 1990
27/07/2023
Malgre difikilte....ebyen nou t reponn, nap dsann al onore prezans nou, nou kondane poun fè viktwa sou ekip 4×4 novyon an jodya....donk nou pa pè, nou pap janm pè tibouk devan...pi rouye pi koupe
20/07/2023
Demen vandredi kp 21 jiyè randevou a kc sou parc jules mondelus nan tebodiere bayeux port margot...kote ASPB tibouk oboy pral fè 2e soti fas ekip Rayon du soleil ki se mèt teren an...pa bliye kite pran yon gwo so kabrit nan pwop fyèf li nn premye soti li...tet ki abitye pote chapo ap tj pote li...aspb pap negosye ak Rayon demen....paske np debake ak tout amada nou, poun jwe bon boul
14/07/2023
Nou remesye chak grenn moun tibouk oboy kite dplase al pote sipò bay ekip la....mp di nou batay la poko fini..nou rete 2 match ankò...ki pral 2 final pou nou jwe, fanatik yo dwe kontinye ede ekip la bat rekò kom ekip ki trennen plis moun nan do li pou mennen bayeux... fair play nou dwe nouri sa lakay nou chak jou pi plis..pandan nap veye move tretman sou ak deyò teren an...
Pi rouye pi koupe.
13/07/2023
Aprè yon match trè enteresan kote 2 ekip yo tap eseye nan moman fò payo pou fè jesyon balon an...bèl kalite football ak bél jès teknik bò kote tou 2 ekip yo, ekip ASPB a pat k fè myeu ke yon match 0-0...Bravo moun oboý espesyalman moun tibouk oboy kite debake vin chofe ekip la...sak t fèm plezi wap jwe ak yon ekip lokal, lè ekip yo ap salye piblik la se tankou se t sou parc st jules nou t ye telman piblik tibouk oboy la t konpak.....bravo moun tibouk oboy...
12/07/2023
Ebyen nou apenn kite tibouk oboy..direksyon bayeux port margot...bon boul
12/07/2023
Nou deja nan rout....nou pral kraze sa...ASPB for life
11/07/2023
Dènye seyans antrènman avan menm nou dplase al jwe premye match nou nan chanpyona bayeux a....ekip A vs ekip B
Bne chance ti msyeu
11/07/2023
Randevou kc demen.4h30....Aspb pral jwe ak ekip coeur de lion de Bayeux... nan sak gen pou wè ak chanpyona kap deroule nan bayeux port margot..
Apr
ASPB