3C Coaching Santé Plus
Je suis Samuel Napoleon,
médecin et coach en santé des maladies chroniques et de la gestion du poids.
J’utilise Facebook (Ti Koze Sante Peyin) pour éduquer et prévenir, pour la santé de tous.
03/03/2026
Jodi a, nou pral pale de yon sijè ki konsène anpil moun, men yo pa pale anpil de li: grès nan vant.
Anvan sa, li empotan poum few konen gen 2 gwo kalite grès: grès anba po a, epi gen grès ki pi fon ki anndan vant lan ki antoure fwa, trip, entesten, ren, kè, pankrea. Se grès sa a yo rele grès visceral.
POUKISA GRES SA BAY PROBLÈM LÈ LI TROP?
Li voye mesaj chimik nan tout kò a, li deregle balans òmòn yo, li enfliyanse fason veso sangen kontrakte e relache. Avèk tan, tout sa ka kontribye pou tansyon monte epi pou kè a fatige.
Sa ki pi danjere, se ke ou ka gen yon pwa ki nòmal men, ou gen anpil grès visceral e , anpil moun pa rann yo kont sa.
KISA NOU KA FÈ POU RIVE DIMINYE GRÈS SA EPI PROTEJE KÈ NOU E JERE TANSYON NOU?
Bouje plis, diminye bwason ki gen anpil s*k, pwodwi ki twò trete, kwit manje lakay ou pi souvan, ranpli asyèt ou ak legim, yon bon sous pwoteyin, ak yon ti kras bon grès.
Mesaj mwen ta renmen ou sonje se, grès entèn sa a ka vrèman peze sou tansyon ou ak sou kè ou. Kèk ti chanjman pwogresif jodi a ka evite gwo pwoblèm demen.
Si mesaj sa a te ede ou konprann pi byen, pataje li ak yon moun kew panse vant li gen trop gres. Abòne, kite yon kòmantè si ou vle yon ti video kote m montre ou kijan pou mezire tour de taille ou epi swiv pwogrè ou ekri sa nan kòmantè.
Youtube: @ poidsexpert
Tiktok:
01/03/2026
M pa twò gwo, se sa ampil moun di.
Men si vant ou ap pran volim,
sa ka vle di gen grès anndan vant lan, bò kote ògàn yo( fwa, kè, pankrea, trip etc)
Gen kèk moun ki wè vant yo ap grandi
yo konn di: se kob map fe kounya,
M ap byen bwè byen manje etc
Men an reyalite ,nan anpil ka, se kapap se grès k ap akimile anndan vant lan. Li pa toujou siy pwosperite.
Gen fwa se siy dereglaj metabolis.
POUKISA LI DANJERE ?
Grès anndan vant lan ka Fè tansyon monte
li ka deregle s*k nan san li ka gmante enflamasyon fè atè yo vin pi di
e menm ogmante risk kriz kadyak
Sa ou dwe konen, ou ka pa santi anyen men, risk la ap ogmante an silans.
KIJAN POUW CHEKE SA?
Gen plizye mwayen, ou ka tcheke sa, men isit la map jis baw yon sel. Siw ta bezwen konen plis detay al abone ak paj facebook m fè tout esprè poum ede tip de moun sa yo. Nom paj la se COACHING SANTE PLUS osinon YOUTUBE mwen:
men saw ka fè, jis pran yon mèt. Mezire wonn vant ou, jan wap gade an grosomodo nan foto ki amba
🕺 Gason: pa depase 102 cm
💃Fanm: pa depase 89 cm
Si li depase sa, li lè pou pran kestyon sante w oserye.
MEN KEK BAGAY KI KA EDEW DIMINYE RISK LA.
✔️ Bouje regilyèman
✔️ Evite bwason ki gen twòp s*k
✔️ Pa manje ti bagay san rete tout lajounen
✔️ Dòmi pi regilye
✔️ Swiv tansyon ak s*k ou
✔️ Chèche estabilite, pa rejim rapid
Ti abitid sa yo ka fè gwo diferans sou tan.
📢 Si w bezwen sa adapte ak sitiyasyon pa w
(selon laj ou, tansyon ou, s*k ou, pwa ou, estrès ou)
👉 Voye mesaj pou mwen pou yon plan ki personalize. Osinon abone ak youtube mwen:. Se la map gen poum esplike an detay.
📢 Si ou jwenn enfòmasyon sa itil:
👉 Pataje l ak yon moun ou renmen.
👉 Abòne pou plis prevansyon ki baze sou syans
👨🏽⚕️ Dr Samuel Napoleon – Coach en santé
💥Fondateur Coaching Santé Plus
🔵 Ma méthode 3C peut vous aider à stabiliser votre santé durablement.
🛡️ Prévention avant la maladie.
📺 YouTube :
Facebook: coaching santé plus
Tiktok:@ docnapo
Koulè pise'w ka fèw konen si ou malad ou pa. Vin swiv avek mwen.
02/08/2024
MEN 6 REZON KI KA FÈ YON FI WÈ REG LI PRAN TI TAN POU LI VINI.
TikTok · DocNapo Check out DocNapo’s video.
29/07/2024
TikTok · DocNapo Check out DocNapo’s video.
07/06/2023
Aide pour le traitement, organized by Herby Maddy Je suis izac Celcis pharmacien diplômé et etudiant en 4eme année de médecine à l'Universit… Herby Maddy needs your support for Aide pour le traitement
06/04/2023
Eske ou te konen maladi *TIBEKILOZ* konn fè moun gen dlo nan poumon yo?
Mezanmi koman nou ye? Jodi a mw pa vin pale nou de maladi tibèkiloz, men mwen vle fè nou konen kèk sin ak semptom yon moun ki gen dlo nan poumon yo ka resanti.
Si ou nouvo sou paj la, pa bliye abonew ak paj *TI KOZE SANTE PEYIN* mwen an.
Avan sa, map fè nou konen ke dlo a se pa nan poumon li ye vre, dlo a se nan mitan 2 anvlop ki anvlope poumon yo li ye. Anvlop sa yo, nou rele yo plèv. Kidonk se nan espas ki nan mitan 2 anvlop ki kouvri poumon yo ke dlo a al chita kol.
Map fè nou konen tou ke,se pa selman maladi tibèkiloz ki ka fè yon moun gen dlo nan poumon yo, gen ampil lot jèm enfeksyon nan poumon sambliye maladi kansè nan poumon ki ka fe yon moun gen dlo nan poumon yo.
Gen lot maladi toujou ki ka fè yon moun gen dlo nan poumon yo tankou maldi nan kè, maladi nan ren, maladi nan fwa malnitrisyon tout sa yo ka rive fè yon moun gen dlo nan poumon.
*KI SIN AK SEMPTOM MOUN SA KA GEN YEN* ?
Moun sa ap gen difikilte pouli respire, moun sa , chak lè li chanje pozisyon lap rive touse( si li te kouche epi livire kò li, lap remake li touse) , mou sa ka rive gen fyèv, li ka bali doulè nan toraks li.
Si ou ta remake jan de problèm sa yo, chèche wè yon doktè avan li tro ta.
Se ti konsèy sa Dok NAPOLEON te pote pou ou nan *ribrik Ti koze sante peyin*
*Mesi*
*Ribrik* : Ti koze santepeyin
*Dok Napoleon # dok poumon*
Chak jeudi , 8hPm, mwen ap gen poum mete yon video sou paj ribrik TI KOZE SANTE PEYIN lan.
Dr. NAPOLEON Samuel
Ribrik: Ti koze sante peyin
06/05/2021
Gen ampil fanm lè yo ansent, yo ale lopital , premye bagay yo gentan anvi medsen an di yo se ,kilè yap akouche.
Yo telman empasyan, yo pa wè kilè pou dat medsen an di yo a rive vre.
Ebyen jodi a, mwen pral edew ka fè ti kalkil ke medsen yo konn fè a , pouw lè ou ansent tou, pouw ka rive fè menm ti kalkil lan tou.
Si ou vle mwen vin edew ka fè kalkil lan, gen yon sel bagay pouw fè pou mwen, pouw ka ankouraje travay kap fet sou Ribrik TI KOZE SANTE PEYI'N lan.
1- wap pataje pòs sa pou mw nan 5 gwoup pou pipiti.
Map tann nou😍😍😍😍😘😘😘
Dr. Samuel NAPOLEON
Ribrik : TI KOZE SANTE PEYI'N
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Croix Des Bouquets