Nan yon deklarasyon ki montre detèminasyon li anvan rankont lan, youn nan jwè REAL BARÇA yo mete bagay yo klè: li konnen nan foutbòl nenpòt ekip ka bat, men li pa antre sou teren an poul pèdi. Pou li, objektif la toujou rete menm jan: "goumen pou viktwa a epi defann koulè ekip li jouk nan dènye siflèt la"
Pou konnen tout sa li te di anvan match la ansanm ak plis detay sou deklarasyon li a, an gad ti entèvyou sa ansanm.
IPH
INTER-PRESS HAÏTI
Media dynamique dédié à la promotion des artistes, du football et de l'actualité en Haïti, e à l'étranger.
Mise en lumière des talents
infos football
reportage & événement
du contenu chaud, une vibe jeune et authentique.
Avan premye kout siflèt a, youn nan jwè CHOUCHOU yo te anonse koulè : li te di lap antre sou teren an poul pran revanj li sou REAL BARÇA. Men sou tèren an, pawòl yo pa sifi! Apre 90 minit konba, okazyon ak tansyon, tou de ekip yo antre lakay yo san make yon gòl, men se te yon bèl e gwo match. Ekip CHOUCHOU a oblige tann yon lot jou pouw pran revanj lan.
PARC CAMELUS TE AKSYE YON GWO SUPER STAR!
Pelé, youn nan jèn talan Kwadèboukè, ki sot reprezante Ayiti nan CFU (U-14) . Pandan konpetisyon an, li te manke 2 bèl gòl, li make youn devan Saint-Domingue, lòt la devan Jamaïque.
Nan ti pale nou te fè avèl, Pelé te rakonte nou kijan aksyon sa yo te pase, epi sitou jan li te santi l fyè poul te reprezante peyil.
Yon jèn talan, yon pitit Kwadèboukè, yon drapo, Ayiti nan kè l. Pelé, se non pou n sonje!
Lè presyon an te pi wo, li te leve kanpe! Gadyen Boca Junior a te pran tout responsablite li sou zepòl li nan seyans tir au but la. Avèk yon bèl arè spektakilè li te arive kenbe youn nan tir yo, sa vin fèl jwe yon wòl kle nan kalifikasyon ekip li a.
Gadyen an tounen youn nan ewo match la.
Nou te fè yon ti pale ak kapitèn Boca Juniors la, apre bèl kalifikasyon ekip la nan tir au but. Kapitèn nan retounen sou moman fò sa a ak emosyon li ak satisfaksyon li apre viktwa a.
Aprè defèt ASB nan seyans tir au but la, nou te fè yon ti pale ak kapitèn ekip la, ki te pataje santiman li sou eliminasyon an ak pèfòmans ekip li a.
Jude Boy te pale ak INTER-PRESS HAÏTI nan Parc Camelus. Yon bèl moman echanj kote li pataje opinyon li ak kèk pawòl ki merite atansyon.
Gade entèvyou a jiska lafen, epi pa bliye pataje l pou plis moun ka dekouvri sa Jude Boy tap di ak nou.
Nan Parc Camelus, nou te gen yon bèl pale ak Elmanie, yon patisipant nan chanpyona a. Li fè konnen ane sa a li vin gade plis match pase ane pase, menm si li pa konsidere tèt li kòm yon fanatik foutbòl, men kòm yon moun ki jis renmen gade boul.
Elmanie pwofite voye yon mesaj bay medam yo, li ankouraje yo pou yo pa sèlman konte sou bote yo, men pou yo chèche yon bagay serye pou yo fè nan lavi yo.
ANBYANS LA TE CHO NAN PARC CAMELUS!
Dimanch 30 Dawout la, nou te prezan nan Parc Camelus, nan zòn Duval, kote FC Duval ak Moutchouwoulo te rankontre sou teren an nan yon bèl anbyans foutbòl.
Pou okazyon an, nou te gen chans fè yon ti pale ak kapitèn ekip Moutchouwoulo a, ki te pataje kèk pawòl sou ekip la, match la ak objektif yo.
Gade videyo a ansanm avè n pou n tande sa kapitèn nan te di!
Foutbòl la se pasyon, teren an se temwen.
Yon bèl moman foutbòl nan lakou Duval!
Dimanch 30 Dawout la, nou te prezan nan Parc Camelus, nan lakou Duval, kote ekip FC Duval ak ekip Moutchowoulo te bay bèl anbyans sou teren an.
Nou te gen chans fè yon ti pale ak gadyen FC Duval la poul pataje kèk pawòl ak nou.
Gade videyo a ansanm avè n pou n dekouvri sa gadyen an te di! ⚽🧤
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Type
Site Web
Adresse
Croix Des Bouquets