21/05/2026
Nou remèsye tout Moun ki te deside patisipe ak Nou pou al rann Gaby yon dènye omaj🙏🏾
Se te yon fanatik ki te toujou prezan chak kote drapo sous vedèt ap flote!
Ke Bondye resevwa nanm ou, bon travèse.
~VEDETTE
07/05/2026
Janrabèl vs Eklè nan pak kapwa lanmò, nap moute an foul pou nal sipòte gerye nou yo pa gen fè bak pandan nou pral pase moute pase desann san presyon, nou pap pè , yon sèl vizyon se poun chanpyon. Nou se Janrabèl. Baw...
04/05/2026
Nòt omaj ak fanmi Louisena
Se ak anpil lapenn tout fanmi Source Vedette FC te akonpaye fanmi Louisena Duroseau nan moman douloure sa a.
Louisena te plis pase yon senp sipòtè pou nou, li te yon vrè fanatik malad ekip la. Malgre aktivite li kòm machann, li te toujou pran tan pou suiv ekip la, epi ak bèl souri li li te konn toujou di:
"Kilè djaz la ap jwe?"
Jodi a, tout fanmi Source Vedette la ini pou rann li yon dènye omaj, ak anpil respè ak rekonesans pou lanmou li te genyen pou ekip la.
🖤 Repoze nan lapè Louisena Duroseau
🕯️ Kouraj pou fanmi an
Source p ap janm bliye.
30/04/2026
#⚽ Source_Vedette FC ⚽
Bonsoir chers supporters,
À l’occasion des vacances d’été 2026 et en préparation du championnat CTF, Source Vedette FC a le plaisir de vous présenter son nouveau maillot officiel accompagné du short 🔥
Portez fièrement les couleurs de votre équipe et montrez votre soutien partout où vous êtes 💙🤍
📌 Équipement disponible en quantité limitée
📌 Idéal pour représenter le club durant toute la saison
Pour toute commande ou information, contactez-nous en message privé 📩
Ensemble, plus forts vers la victoire ! 💪⚽
#
Yon sèl vizyon toujou chanpyon
30/04/2026
Sous vedèt(X3) yon sèl vizyon toujou chanpyon.
Gen ti pye bwa wi kap boujonnen arebò sous la, kote nou?
13/12/2025
Jodi a se yon jou espesyal pou ekip Source Vedette FC, paske nou ap selebre anivèsè youn nan manm fondatè nou yo, ki se responsab kominikasyon ekip la.
Nou swete ou bòn fèt ak tout kè nou! Se pa ti fyète nou santi pou travay w ap fè chak jou pou klere imaj ekip la. Nou swete ou *santé, lanmou, siksè, ak plis enspirasyon pou kontinye sèvi ak pasyon.
Jwi jounen w, frè nou, epi sonje: ekip la fyè de ou!
04/09/2025
Source Vedette F.C swete felisitasyon espesyal pou jwè li a, James, ki fè yon bèl prestasyon nan Chanpyona CTF ane sa a!
Malgre ekip nou an pa t patisipe nan okenn konpetisyon ane sa a, sa pa t anpeche atakan jilèt nou an pote talan l ak pasyon l nan koulè ekip Bèl Avni Bodmè. Avèk 5 gòl, James fini kòm bitè konpetisyon an epi konfime plas li kòm youn nan pi bon atakan Jan Rabèl genyen.
James se yon jwè ki gen plasman, tèt frèt, ak konfyans devan gòl. Li demontre ke talan reyèl pa bezwen gwo non ni gwo transfè pou klere. Devan yon bann ak pakèt atakan ajanten ki koute gwo lajan,James Annette rive enpoze l.
Source Vedette FC fyè dèske li gen yon jwè konsa nan kad li.
Nou swete l plis siksè pou lavni, epi n ap kontinye kwè nan kapasite l pou pote pi gwo viktwa pou klib la.
Bravo James !
Nou Se Source Vedette FC, Kòk bon Ras.
Selil Kominikasyon SVFC
24/08/2025
*Kondoleyans Ofisyèl Komite Egzekitif Sous Vedèt F.C (SVFC)*
Komite direktwa egzekitif Sous Vedèt Foutbòl Club *(SVFC)* ap pataje tout enèji li ak tout lanmou li ak fanmi *Hyacinthe Jhemsley*, ke anpil moun te konnen kòm *Blan Cilamène*, yon figi ki make foutbòl nan kominote Janrabèl la.
Nou vle tou salye tout ekip li te fè pati yo, espesyalman *Foul Fòs*, ansanm ak ansyen jwè li te konn jwe avèk yo.
Se vre ou pa t gen chans mete koulè Sous la sou ou ofisyèlman, menm jan ak *Wesby Desliens* ak *Maréus Jeanguyva*, men relasyon ou te gen ak Prezidan SVFC la (ki te kondisip ou) ak sipò w bay vizyon ekip la, se te yon prèv angajman ou.
Nou mande Bondye pou li leve ou pi wo, ba ou limyè, epi seche dlo nan je tout moun ki afekte pa ale ou. Pasaj ou sou tè Janrabèl la make istwa foutbòl la ak pozitivite.
Non ou ap toujou make nan kè fanatik yo, epi sou drapo ekip tankou: *Orizon, Tanpèt, Foul Fòs, grand collège Dynamique*, elatriye.
an pè_Blan_Cilamène.
18/07/2025
Felisitasyon ak 3zyèm meyè bitè Nou James Annette, ki, ofri gòl viktwa a ak ekip Bèl Avni an!
James se youn nan pi bon atakan ki an aktivite nan Jan Rabèl.
Absans nou nan Chanpyona pou ane koz li ap evolye sou koulè Bèl Avni Bodmè.
Ane k ap vini ou dwe antre nan baz, nou p ap ni prete ni vann ou.
Pou moman an, klasman bitè Source Vedette la prezante konsa:
1. Sony BELONY: 19 Gòl
2. Jamsley (Z**i): 14 Gòl
3. James Augustin (James Annette):13 Gòl
Kontinye fè sa w Renmen!
Source Vedette F.C
05/12/2024
Mention spéciale à mes nouveaux(elles) super fans ! Rosela Lebrun