23/03/2022
Bonn fèt LYON Football Club de Jérémie 12 lane .
23 mas 2011
23 mas 2022
Klèb sa fonde nan depatman grandans , vil jeremi , katye Caracolie # 2. Li se yon konpayi ki gen plizyè sèvis ladanl li bay sèvis nan fòmasyon espò timoun ,jèn e granmoun , fòmasyon profesyonèl e Agrikilti . konpayi LYON fonde pa BELFORT Jonathan .
Objektif konpayi LYON se mete espò sou 2 pye li nan grandans ,jwe chanpyona Nasyonal e fè jèn yo entegre klèb pwofesyonel yo ak seleksyon Nasyonal peyi D'AYITI an e kreye aktivite pou tout popilasyon grandans lan kapab patisipe.
Seleksyon feminen LYON an jwe preske ak tout seleksyon medam ki genyen nan depatman grandans lan tankou . Marfranc ,Corail, Léon , Beaumond , Numéro 2, Cafou-sanon, cafou prince, chato jeremi sa ki bel nan tout Match an deplasman LYON nan tout komin sa transpò an toujou fèt sou moto paske moun Jérémie pa gen machine pou yo ...
Jonatban BELFORT manifeste tout Fòs li pou espò fèt nan depatman grandans . li travay pou (MJSAC ) ministè jenès , espò ak aksyon sivik , ( FHF) federasyon Foutbòl Ayisyenn , LYON FC , Académie régional FHF Jérémie , Inivesite : UNOGA, lekol ISA , Danilou , Jérémie FC D2 Divisyon , asosiyasyon :AAPEJ à Jérémie , MKTR nan Rozo li travay pou JUVENS club football , li òganize chanpyona pou jèn , li fè fòmasyon pou jèn Edikatè Foutbòl , Abit Foutbòl e lòt li travay ak ekip vakan li pase Mas pèp caracolie , ekip Taksi , Ekip nan zone li caracolie dèyè Tèren Jonathan se yon konbatan .
LYON mete yon gwo GYM caracolie pou popilasyon jeremyèn nan fe aktivite fizik . konpayi LYON popilasyon grandans lan avek ou . kenbe fèm