@
Berthony Durandisse L'homme Fantastique
Sport Fantastique
20/07/2026
Rodri meyè jwè mondial 2026 lan se yon lòt eskandal nan istwa jwèt lan menm jan yo te fèl kado meyè jwè ERO 2024 lan. Ki ta pral koz mafya yo fèl kado yon balon met sou.
Mw jis kesyonem eske se pa menm objektif lan yo genyen ankò. Men detout fason map kontinye founi je kade jis nan seremoni balon dò ki pral bay lan.
Mwen byen kontan tou jodia li klè se fanatik Argentine ak Barcelone ki plis ap plenyen de sa, yon fason pou yo wè kòman sa pat dous, lè yo te vòlè Balon dò Vinicius lan bay mesye Rodri. Anpil moun ap vann kòm yon gwo gwo milye tèren. San retire nan kalite ak merit li genyen tou.
Epi lòt bagay ankò mwen dakò totalman ak meyè jèn jwè Cubarsí an.
Men li klè sou 6 dènye mondial yo, Mèyè gadyen Unai Simon lan sèl li ki pa merite si nou pra 2006 Búfon 2010 Casillas 2014 Neur 2018 Courtois 2022 Dibú.
Paske li pa kòrèk yon gadyen yo te mèt bal yon jounal poul li prèske chak match ki pa janm enkyete reyèlman, gadyen ki fè pi piti arè an se li menm ki pi bon, mwen panse pratik saa fòk li fini.
15/07/2026
Bravo ak federasyon peyi Gabon 🇬🇦 an ki fè chwa de SÉBASTIEN MIGNÉ🇫🇷 kòm nouvo antrenè peyi an.
Malgre tout batay mw mennen pousa pat rive fèt men Elas pat gen tròp moun ki te gen menm ide ak mwen nan lit lan.
Mwen te toujou di nou pandan nou wè MIGNÉ trè mal, entènasyonal lan wèl byen.
Map sèlman di, MIGNÉ viktim menm bagay ak 《JOVENEL MOÏSE》sof ke yo pat jwenn ou pou te asasinew fizikman.
Jis mw pata swete apré pou gen anpil regrè hmmmmm map toujou swiv ou nan ekip Gabon an
Paskem pap janm bliyew pou sa ou fè pou peyi Ayiti an.
TOP 10
20/06/2026
Mwen resi wè kote nèg nan mikro isit frajil, Men tou mwen resi konprann nan ki nivo pèp saaa fou definitivman.
Kòm anpil nan nou vle fè konprann MIGNÉ pa gen nivo pou mennen ÉKIP nasyonal lan, pandan nou tout bliye reyalite peyi nou an Koz gwo antrenè wo nivo yo pap vinn antrene Ayiti pazavan nou pa konstwi ROUT, OTÈL, ESTAD mete sekirite ak bon jan sant AKADEMI nan peyi an, pou jèn talan nou yo gen bon jan foutbòl nan peyi an. Si non gwo antrenè nap mande yo ap toujou pase nou nan tenten lè nou fè apèl ak yo.
Nou te fè menm bagay lan pou NICOLAS DELPINE ak selesyon medame yo apre mondial 2018 lan, pandan lemond te wè nou trè byen. Pou jan nou te soti nan yon gwoup ki pat ala pòte nou, Men se domaj se menm nou menm ki te wèl trè mal epi mande voye li ale.
Poutan depi lè DELPINE kite tèt seleksyon medame yo seleksyon an regrese totalman. Paske nan kesyon voye ale se nan sa nou pi fò mèm Prezidan mouri nan kesyon saaa.
Mwen panse angiz pou nap fè MIGNÉ sa nap fèl laa se ta moman pou nou rete fokis sou AVNI ekip lan, Pandan nou tap kontinye bay ankourajman ak lòt jwè nou te swete genyen yo rejwenn seleksyon an, Non sèlman pou pwochen mondial lan, men tou pou tout lòt konpetisyon kap vini yo. Pandan nap mande pou Guadiola, Mourinho, Klopp, Ancelotti, Enrique, Scalloni, Delbosque pou vinn pran tèt seleksyon an. Pandan sim ta mande nou ki nivo Foutbòl nou an nou pap kapab reponn mwen.
Mwen toujou rete kwè se pa MIGNE ki pa bon men se gwoup lan ki tròp pou nou. Paske li klè gen nan gwoup ekip saa te tonbe nan mondial lan nou tap fè mye ke sa, malgre tou fas ECOSSE lemond wè ABIT lan te vòlè match lan nan men nou ba yo.
Epi franchman mwen sezi wè nan nou ki te kwè AYITI te kapab bat BRASIL vre, Pandan mwen kesyone tèt mwen eske menm nou menm saaa patap rann nou kont kòman foutbòl lan tap trò injis, Konesan BRASIL gen lòt jwè pou li fè 4 ekip ankò kap bat nou pi byen toujou, Pandan nou sèlman kontante nou de Jwè LAFRANS rejte pou vinn jwe pou nou, Malgre sa si se pat yo se tande nou tap tande patisipe nan faz final koup dimond si non nou tap toujou rete ap pale de 1974.
Map sèlman di nou voye MIGNÉ ale gen anpil lòt seleksyon ki deja ap tann li, sitou lè yo aprann Ayiti rive nan mondial lan san jwé yon match lakay li, ak yon gwoup jwè se pantan youn pantan sou lòt, Yon fason poum di ekip lan nan yon peryòd adaptasyon men tout moun wè gen avni nan anpil jwè, Men tou gen anpil ki pa gen nivo pou kontinye fè apèl ak yo.
AYITI fas BRASIL ki tou di sa li vle di an nan tout ASPÈ yo, Mwen panse moun ki nan minorite ansanm ak mwen yo ap fè remak lan. Ki donk li tap toujou yon chwa e mwen pa kwè tap gen chwa ki patap gen kritik sa yo, Malgre mwen menm pèsonèlman mwen te konteste debi PIERROT sou ISIDOR an. Men mwen rekonèt sistèm MIGNÉ an te deranje EKOP BRASIL lan pandan yon bon titan nan chache Bloké VINI JR ak RAPHINHA nan match lan, men Helas BRASIL toujou rete BRASIL sitou se fas AYITI.
Mwen pap bliye di nou tou se pa sèlman wè jwè yo non, men tou fok nou wè epi rekonèt valè ak estraji MIGNÉ ak FEDERASYON an pou te konvenk yo vinn jwe pou AYITI.
Antouka mwen jis ap tann kiyès kap vinn ranplase li, pou vinn ban nou meyè seleksyon nap chache an, Paske mwen menm se sa map tann tou.
Pandan mwen rete dèyè pòt lan ansoudine ap founi je gade nou.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Léogâne