16/04/2025
Nou salye ak respè tout dirijan, tout jwè k'ap batay ak kè, tout fanatik ki toujou kenbe flanm nan limen, tout antrenè devwe, san bliye tout sponsors solid nou yo ki kwè nan vizyon *Bon* *Pays FC* : *Ibo Lotto* , Agro Emmanuel Jean Louis, Maïla Hôtel, KSA Multi Services, ak *Djou Eau Traité* . Mèsi pou konfyans nou!
Ebyen, dapre dènye nouvèl komite òganizatè a, match kadefinal la repòte pou yon lòt dat ke yo poko konfime. Men sa pap deranje detèminasyon nou!
Nap mande tout fanatik *Bon* *Pays FC* yo kenbe konfyans, kenbe flanm lan vivan, paske nenpòt lè match la jwe — se ak kalifikasyon an nap tounen !
Nou kwè nan ekip sa. Nou kwè nan fòs kolektif nou. Nou pare, nou motive, nou gen misyon an nan kè nou. Se pa tanperati, se pa dat, se pa obstak ki ka fè nou febli.
*Bon Pays FC* se pasyon, se disiplin, se lanmou pou kominote a. Se viktwa nap chèche, e se viktwa nap pote!
Ansanm n'ap make listwa. Ansanm n'ap avanse. Ansanm n'ap genyen!
Allez Bon Pays FC — fòs, kouraj, lanmou, e viktwa!