MFD - Mont-Organisé Forum Développement

MFD - Mont-Organisé Forum Développement

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de MFD - Mont-Organisé Forum Développement, Mont Organisé.

MFD se yon mouvman sosyo-kominotè andojèn modèn Pitit Ganize mete kanpe depi Septanm 2016 pou KONEKTE tout Salyen yo, APIYE e AKONPAYE Lameri, Oganizasyon lokal yo ansanm ak tout moun Ganize

Photos from MFD - Mont-Organisé Forum Développement's post 03/11/2025

ANPIL FELISITASYON AK MÈSI POU TOUT AKTÈ KI TE KONTRIBYE POU RANN FÈT PATWONAL 2025 MONTÒGANIZE A REYISI. ANPIL SÈTIFIKA MÈRI A AK MFD BAY!!

03/10/2025

Depi 5 oktòb, vin chita nan Montòganize pou w al danse TROPICANA nan aswè kap 5 lan menm epi tann res pwogram yo jis rive 7 Oktòb.

03/10/2025

Al danse septan nan Montòganize jou 7 Oktob la ki se fet patwonal komin nan.

11/08/2025

Orchestre Notre-Dame du Rosaire kraze sa!
Mesye dam yo t ap mete animasyon nan Ganize jou dimanch swa 10 out 2025 lan pou make 118 an anivèsè komin nan.

Yon like yon pataj si w renmen vil Montòganize. Ou menm ki poko te genyen chans monte sou tèt mòn ki twouve l a 600 mèt altitid e jiska 800 pou kèk kote ladan, pwofite lave je w. 10/08/2025

BONNE FETE 118eme à tous les Mont-Organais, toutes les Mont-Organaises, à tous et toutes les amis et amies, à tous ceux et toutes celles qui l'aiment et qui contribuent à son développement!!
Se moman refleksyon tou, reponn ti kesyon sa yo selon obsèvasyon w ou menm ki li pòs sa.
Kisa w wè apre 118 lane?

1. Ki pwogrè ki reyalize nan komin nan apre 118 lane?

2. Ki avanse ki fèt nan Sektè yo: sosyal, ekonomik, kiltirèl, politik, anviwònmantal, Enstitisyonèl, Enfrastriktirèl, Gouvènans lokal ?

3. Kisa ki kanpe, ki bloke?

4. Kisa ki fè bak?

5. Kisa ki evolye nan mantalite popilasyon an?

6. Kisa ki chanje nan mòd de vi popilasyon an?

7. Kisa w ta renmen wè men ki poko fèt?

8. Ki rekòmandasyon w genyen pou avansman komin nan?

9. Ki kontribisyon Salyèn ak Salyen yo kapab pote nan nouvo komin ou ta renmen wè a?

10. E oumenm ki "grenn chabon" w ka mete nan recho a?

Yon like yon pataj si w renmen vil Montòganize. Ou menm ki poko te genyen chans monte sou tèt mòn ki twouve l a 600 mèt altitid e jiska 800 pou kèk kote ladan, pwofite lave je w.

Photos from MFD - Mont-Organisé Forum Développement's post 02/06/2025

MFD ankouraje tout moun fè anpil pwidans nan sezon siklonik la ki komanse premye jen pou rive 30 novanm ane 2025 lan.

Photos from MFD - Mont-Organisé Forum Développement's post 01/05/2025

FWA avèk PODSEMO nan Montòganize 1e Me 2025 lan

27/04/2025

SENPATI POU FANMIY DIEU-DIT ARISTIL

MFD voye senpati li bay Fanmiy Aristil, Fanmiy Toussaint, Baz St Michel, gran fanmiy la Jistis nan komin nan, nan okazyon depa sanzatann Mesye Dieu-Dit Aristil maten 26 Me a pandan fineray yon lòt Ikòn Komin nan, Micheline Bastien Desravins, tap chante nan lapenn nan Legliz Batis Ganize a.

Disparisyon an kaskad sa yo atire atansyon nou pi plis sou frajilite ak enpreviziblite lavi a. Evènman sa yo atire atansyon nou sou nesesite pou nou ranfòse Solidarite ak anpati (lapenn oubyen kè kontan w se lapenn ou byen kè kontan m) antre nou nan komin nan. Nou tout nan yon sèl klas, Pwofesè a ap fè apèl. L ap chwazi non yo toupatou nan lis la kote l vle: anwo, anba, nan mitan. Anyen pa sou kontwòl nou vrèman.

Pandan n ap respire toujou a, ann kontinye ranpli devwa sitwayen responsab nou, devwa papa ak manman ki sousye de fanmiy yo, devwa Kominotè kotidyen nou, devwa Kwayan onèt nou, devwa bon vwazen nou, devwa de zanmi kredib nou, devwa Salyen Otantik nou, pou nou pa ale ak okenn remò konsyans, okenn regrè de neglijans ak kòkrazis.

Ann kontinye suiv oubyen enspire nou sou bon egzanp respè ak imanite, bon egzanp anpati ak solidarite Micheline ak Dieudy e lot ki ale deja kite pou nou nan katye yo tap viv.

MFD voye kondoleyans li bay Madan Dieu-Dit, Altagrace Toussaint, ki se yon manm forum nan, ak pitit fanmiy nan, ansanm ak Mèt Toussaint e Mèt Wilner ki se bòfrè Dieu-Dit. MFD voye senpati li tou bay Baz St Michel ak Staf Tribinal de Pè Ganize a.

Que l'âme de Monsieur Dieu-Dit repose en paix!

18/04/2025

TI KOZE MONTÒGANIZE AK MFD

Bon, Komin nan pa kanpe:

Travay Pwojè Betonaj Mòn nan rekòmanse, malgre lapli a pa fin dakò sa.

Enskripsyon pou abone kouran yo kòmanse, malgre lapli a anpeche moun yo soti al peye nan Kès KPSEK la (sèl fason pou sistèm nou an repare lè l pran yon pàn oswa lè yon aparèy mande ranplase se peye kouran nap itilize a, sinon se pou kèk jou li la).

Demach yo pou wout la pa kanpe.

Teacher René, Kòmandan Ignace, Direktè Wilner, Majis Desta, MètJean Soule, Majis Silvio, Ing Fanfan, Junior Alectine pap dòmi.

15/04/2025

Asenisman Montòganize se yon devwa pou nou tout pitit komin nan.

Depi 5 lane, lamèri komin nan pa resevwa lajan leta santral, akòz enstabilite politik ki genyen nan peyi a. Sèvis Vwari a pa kontinye e pa genyen zouti Netwayaj, ni pou peye ouvriye Vwari yo. Sèvis la bezwen yon apui ak zouti.

Kèk gwoup nan komin nan bay yon koutmen tanzantan nan netwaye kèk zòn. Yo bezwen yon apui ak kèk zouti.

Se rezon sa yo ki jistifye fich Pwojè zouti sa.

Patisipe janw kapab kòm sitwayen ak zanmi komin nan.

02/05/2024

Yon kout je sou jan 1er Me 2024 la te ye nan Montòganize.

Photos from MFD - Mont-Organisé Forum Développement's post 24/04/2024

Gade foto yo pou w wè si w Renmen Fòmasyon-Wikenn Enfòmatik ak Kizin K ap fèt pou jèn ak lot moun nan Bibliyotèk BMML-MO a ?

Genyen yon pwoblèm chèz. Pwogram nan gen 120 jèn Etidyan. "men yo Bezwen 60 grenn chèz.

Chak grenn chèz koute 700 goud.

Si w kapab finanse yon kantite nan chèz sa yo pou w Sipòte Initiative la, Rele Ing Dédier Antoine.

Vous voulez que votre entreprise soit Gym la plus cotée à Mont Organisé ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse


Mont Organisé
HT2230