10/10/2026
🚨Menm si ou pat fanatik jwè sa a, jodia siw konprann foutbòl ou dwe reyalize ke Messi rezime an foutbòl poul sal reprezante pou sal reyalize, kolektivman e endividyèlman, se jwè ki gen pi gwo estat nan tout liy estatistik yo, sin ta pran site balon dò 4 fwa afile, 8 o total, soulye dò 6, meyè pasè pou tout egzistans foutbòl, meyè driblè, plis kontribisyon plis twofe
Sin ta pran dekri jwè sa a se yon liv poun ta ekri ki tap depase 10 paj, siw ta pran anviwonman jwè sa ke anpil moun ta dwe pranl pou yon modèl, li moutrew kman lavi defini, lè wè tout saw tante vle parèt nwa men nan lespril toutan gen lavi gen espwa, sa yo ta pral pèmèt Lionel Messi vin pi selèb ak seleksyon li, Messi se modèl jwè san ego menm pou advèsè li paske nan eskpresyon foutbòl li, li toujou konnen sak pifò e mye prepare a se li kap genyen, Messi se jwè ki banalize tout saw ta kab imajine ki pi difisil nan foutbòl, a 39an vin jwe pi gwo konpetisyon ki genyen nan mond lan, pou fè parèt tout bagay òdinè nan nivo sa a se vrèman ekstra a 39an pi gwo endividyalist
Wawwww Messi gen anpil bagay pou di de li
Mèsi foutbòl mèsi Messi paskem viv ou💥💥💥