08/08/2026
🔴Dènye Enfo!!!!!! Ferran Torres🇪🇸(26 Lane)‼️
Jwè espanyòl la avèk PSG🇫🇷 jwenn yon akò sou yon posib transfè. Li gentan enfòme FC Barcelone🇪🇸 de desizyon li an.✅
Tou 2 klèb konsène yo kounya pral chita pou yo jwenn yon akò sou pri transfè a avèk tèm yo. Yon transfè ki ka nan anviwon €50 M + yon kontra 4 lane. Klèb espanyòl la pap fòse jwè a rete.✅
🗞️ MARCA ✅
08/08/2026
🔴MOVE NOUVÈL‼️
Jorge Messi🇦🇷(68 Lane), papa Lionel Messi🇦🇷, mouri yèswa apre yon gwo konba li tap mennen kont yon maladi.
Repoze An Pè🕊️
🗞️ Diario Olé - Diario SPORT - RMC Sport - DAZN Football - Foot Mercato - 433 - MARCA ✅
08/08/2026
🚨📝Ofisyèl!!!!! Bruno Guimarães🇧🇷(28 Lane) siyen nan Arsenal FC🏴 pou £75 M, pou jis jwen 2030.✍️✅
🗞️ Arsenal ✅
07/08/2026
🚨KONFIME!!!!!! Liverpool FC🏴 dakò pou yo siyen Ronald Araújo🇺🇾(27 Lane) nan men FC Barcelone🇪🇸 sou fòm PRÈ.✍️⏳✅
Araújo avèk Deco🇧🇷🇵🇹 gentan bay fe vè pa yo a pou transfè a ka abouti.✅
🗞️ Fabrizio Romano ✅
07/08/2026
🔴Dènye Enfo!!!!! TRANSFÈ‼️
▫️PSG mande ant €150 M - €170 M pou Bradley Barcola🇫🇷, men Liverpool🏴 fè konnen ke yo pap ka bay tout kòb sa, e yo pral voye yon òf €115 M pou yo pito. PSG🇫🇷 ta sipoze refize òf sa paske li twò piti. ( L'Équipe )✅
▫️Transfè Gerónimo Rulli🇦🇷(34 Lane) nan Manchester City🏴 a konfime, an provenans de OM🇫🇷. Gadyen an pral siyen yon kontra 2 lane + 1 an opsyon.( Fabrizio Romano )✅
▫️Franco Mastantuono🇦🇷 ofisyèlman siyen nan Fiorentina🇮🇹 sou fòm prè, men avèk obligasyon pou l retounen an jwen 2027 paske pa gen opsyon pou l pwolonje, ni pou yo achte l.( Fabrizio Romano )✅
▫️Sergi Roberto🇪🇸 jwenn yon akò vèbal pou li siyen nan LA Galaxy🇺🇸, an provenans de Como🇮🇹. ( Matteo Moretto )✅
▫️Manchester City🏴 tou prè pou yo siyen Ayyoub Bouaddi🇫🇷🇲🇦(18 Lane) nan men LOSC Lille🇫🇷. ( Fabrizio Romano )✅
▫️Atletico Madrid🇪🇸 pral voye yon lòt òf ofisyèl bay Tottenham🏴 pou yo gade si yo ka jwenn sèvis Cristian Romero🇦🇷, apre ke jwè a li menm gentan jwenn yon akò avèk klèb madrilèn lan.✅
Tottenham nan bò pa yo pap gen pwoblèm kite l ale pou anviwon £35 M. ( Ben Jacobs - Matteo Moretto )✅
▫️Newcastle United🏴 entèrese nan jwè OM🇫🇷 lan, Pierre-Emile Højbjerg🇩🇰(31 Lane). Jwè a gentan bay fe vè li pou transfè a, e OM panse yo ka kolekte anviwon €15 M pou li. ( Santi Aouna )✅
07/08/2026
Yan Diomandé🇨🇮(19 Lane) gentan pase tès medikal li, e fini premye antrenman li ak nouvo ekip li a, maten an.✅
📸 Real Madrid C.F. ✅
07/08/2026
🔴Dènye Enfo!!!!! Rodri Hernández🇪🇸(30 Lane)‼️
Manchester City🏴 rejte òf €45 M FC Barcelone🇪🇸 lan pou Rodri🇪🇸, e yo mande anviwon €75 M pou li.
Nan moman, Real Madrid retire kò yo nan kous la. ❌
🗞️ Ben Jacobs ✅
07/08/2026
🔴Dènye Enfo!!!!! Rodrigo Hernández🇪🇸(30 Lane)‼️
FC Barcelone🇪🇸 ak jwè espanyòl la gentan jwenn yon akò sou tèm pèsonèl sou yon posib transfè. Dapre ajan li an, Pablo Barquero🇪🇸, Rodri gentan enfòme Real Madrid🇪🇸 ke se FC Barcelone li vle( via El Larguero ):
“Real Madrid te vini ak yon bèl òf. Yo te sofistike ak sa. Men nan dènye lè sa yo, Rodri gentan fè konnen ke se FC Barcelone ki pi bon pou li.”
FC Barcelone nan bò pa yo gentan ap negosye sou yon posib transfè jwè espanyòl la avèk Manchester City🏴, e yo vrèman konfidan ke lap fèt. Yo prè pou yo peye yon ti kal anplis €45 M, men ta sanble Manchester City vle plis ke sa.
🗞️ Fabrizio Romano ✅
07/08/2026
🚨Ofisyèl!!!!! Juventus FC🇮🇹 avèk AC Milan🇮🇹 devwale twazyèm mayo yo pou sezon 2026/2027 la.✅