18/04/2026
Medam yo kalifye pou pwochèn faz la
Cette page a pour objectif de promouvoir les équipes de foot haïtiennes (différentes catégories d'age, de genre...)
18/04/2026
Medam yo kalifye pou pwochèn faz la
17/04/2026
11 probables contre les dominicaines
17/04/2026
Kalifikasyon Konkakaf: Foutbòl feminen
Vwazen, MEN NOU! Sou zile a, nou pataje tè, men sou teren an, chak moun trase liy pa yo.
Medam yo pare pou fè pawòl anpil la fini. Nou pare.
Grenadye Alaso!
17/04/2026
10/04/2026
10/04/2026
Kalifikasyon Konkakaf : Foutbòl feminen : Nou reprann plas nou !
Ak bèl viktwa 5-0 sou ekip Anngiya a, Ayiti rekipere premye plas klasman gwoup D a. Ekip la te konte sou yon gwo travay kolektif kote gòl yo soti nan bèl travay Darlina Joseph ki fè yon double 15’ ak 60’. Chelsea Domond 21’ Sherly Jeudy 33’ epi sibòg la Claire Constant sou yon sipèb kout tèt te jwenn dènye gòl la nan 79’.
Pou rasanbleman sa, premye misyon an akonpli, men objektif la rete vivan, bat Repiblik Dominikèn pou kalifye pou faz k ap vini an.
Yon lòt gwo Randevou kase : Vandredi 17 avril kont Repiblik Dominikèn, nou pral pase yon lòt vitès.
Grenadye alaso !
09/04/2026
Batay pirèd
Kalifikasyon Konkakaf : Foutbòl feminen: Yon premye batay pou medam yo !
Jodi jedi 9 avril 2026 la, Ayiti ap resevwa Anngiya nan kad premye faz eliminatwa koup di mond Brezil 2027 la. Match sa gen yon enpòtans kapital pou medam yo ki pral tante repran tèt klasman gwoup D a epi mete kanson yo nan tay yo pou al chèche kalifikasyon nan pwochen randevou a kont Repiblik Dominikèn.
Medam yo banou randevou 8è nan aswè, nan estad Roger Zami Gosier pou al fè balon an depale. Tout medam yo pare, tout kondisyon yo reyini pou Ayiti al taye banda.
Yon batay poun reprann plas nou.
Grenadye alaso
05/03/2026
Nou kalifye pou 2e faz la nan U20 2026