Randevou pyès atlèt, bèl fanm ak blòdè resan p ap rate pou mwa sa. Fè l mache
BKPK•Bèl Kò Pa Kache
Bèl Kò Pa Kache se yon gwoup ki la pou kreye aktivite rekreyatif pou bay altewofili ak fitnes valè…
24/09/2023
Yon ti bat bouch pou mwa Desalin nan.
13/09/2023
Randevou 13 septanm nan
13/09/2023
*JOUNE LANMÈ AK TOUNWA*
Tèm : Bèl Kò Pa Kache
Lokal : 87
Dat : fen oktòb
Sound : Wandy Mix
Animasyon : Dj Pinard, Dj Top Jerry…
Pri : 750 goud
*Pisin-Babekyou-Fotochout-Espesyal Byè*
Tounwa bodibilding
Premye kategori : 15 000 goud
Dezyèm kategori : 10 000 goud
*Ki Team, ki Gym, ki atlèt, ki blòdè, ki bèl fanm Amini-y k ap rate yon jounen plezi konsa ?*
Ret branche pou plis enfo
Nan fen mwa oktòb la, BKPK-Bèl Kò Pa Kache ap envite tout atlèt vil Amani-y (Senmak) nan yon gwo joune lanmè k ap fèt nan zòn 87. Vin montre jan kò w bèl. Se yon okazyon medam ki gen bèl fòm yo ak bredjenn ki gen bèl kò yo ap vin kale kò.
Pou okazyon an, ap gen konpetis nan 2 kategori. Babekyou. Byè. Fotochout. Animasyon Dj. Chak gym ap vin sipòte atlèt yo. Moun yo ap bèl, aktivite a ap bèl paske Bèl Kò Pa Kache. KIYÈS K AP RATE YON RANDEVOU KONSA ?
Ret branche pou plis enfo
03/12/2017
Anba lebèl Palmis Haiti ak CMG, SlamR'art ap prezante piblik la nouvo trak li a ki se . Se yo moso slam ki vle montre ak klè kreyòl la se yon lang ki gen anpil richès. Dayè LÈ M' WÈ L' vini pou l' di nou Mikstep la nan wout.
Mikstep la ap pote tit OBPK (Operasyon Bout Pwezi Kreyòl). Si Palmis Haïti te konn prezante move pwezi, mwen t'ap oblije di nou LÈ M' WÈ L' se yon bon zenzenn. Al koute l' enpi w'ap rann ou kont, menm pou jwèt plim mwen vomi plezi.
http://hit27promo.com/lem-wel-slamrart/
Lèw fin tande l', pataje ak zanmiw fanmiw, kanmarad ou, oubyen tout lòt moun ki fè w tranble kou FANTOM k'al karese fil ottansyon.
Lem wel by Slamr’Art klike sou ekriti ble a pou'w k pran mizik la gratis sou hit27promo,ou k voye mizik ou nan [email protected]
27/11/2017
LÈ M' WÈ L', yon trak ki chaje pwezi, yon moso slam 100% Kreyòl ki pote plezi pou montre ak sila sa ki wont pale lang sa kreyòl san melany se gwo bout pwezi. LÈ M' WÈ L' vin di nou Mikstep OBPK Slamr'art a nan wout.
LÈ M' WÈ L' ap nan lari dimanch 3 desanm.
25/07/2017
Plezi chak kreyatè se wè koman nan ki nivo moun apresye travay yo. Nou menm nan Compagnie Palmis Haïti pat ka kenbe kontantman lè nou wè jan piblik la aplodi chak sèn, chak koregrafi... Jiskaprezan, pa gen moun ki ko di yo pa satisfè. Malgre mwayen nou te fèb, malgre van te mare, malgre lapli...komedyen yo te bay tout yo menm pou te prezante komedi mizikal "NOUS SOMMES DES HEROS" a. Jan nou pwomèt li a, nou rakonte listwa peyi a depi lè yo tap debake esklav yo pou rive jouk 1 janvye 1804. Anpil aplodisman te chire Benz Palace la.
Mèsi ak chak atis pou devouman yo. 23 jiyè se yon dat kap toujou make anpil moun men se gras ak travay nou. Administrasyon Palmis Haïti fyè enpi kontan anpil. Nou pap di anyen paske sa Sen-Mak te wè a se rasin Palmis la. Yo poko wè tèt nou.
Mesi ak chak moun ki te fè deplasman. Palmis Haïti sèmante poul pote yon lòt kalite espektak ak teyat nan vil Sen-Mak. Nou envite tout moun kite nan aktivite sa ( ak lòt aktivite nou konn fè yo) pou yo kontinye suiv nou, ba nou sipò moral, ede nou, pataje moman ou viv ak nou yo ak pwoch ou. Se wout la long men nou konnen ak sipòw, n'ap rive lwen.
Mèsi
Compagnie Palmis Haïti
Gad kòman pwezi Kreyòl bèl. Patajel.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Saint-Marc
HT4310