12/10/2026
🏆💛❤️PADIWAY FC ❤️💛
YON EKIP, YON MISYON 🏆
MESAJ REKONESANS AK REMÈSIMAN
Fanatik PADIWAY FC yo, nou pa jwenn ase mo pou nou eksprime rekonesans nou anvè nou tout ki te fè deplasman an pou nou te vin bay ekip la sipò, ankourajman ak bèl anbyans dèyè ekip la pandan gwo randevou sa a.
Siksè sa a se pa sèlman viktwa jwè yo, men se viktwa nou tout ansanm! 🏆💪
Prezans nou, vwa nou ak lanmou nou pou koulè ekip la te jwe yon gwo wòl nan bèl eksperyans sa a. San nou, bèl moman sa a pa t ap gen menm valè a. Nou se te 8èm jwè PADIWAY FC, e nou toujou rete yon fòs enpòtan pou ekip la.
Nan non tout direksyon, antrenè ak jwè PADIWAY FC yo, nou di nou MÈSI ANPIL pou fidelite nou, sakrifis nou ak konfyans nou nan ekip la. Se ansanm nou pi fò, e se ansanm n ap kontinye ekri bèl paj nan istwa PADIWAY FC. ❤️💛
📅 PWOCHEN RANDEVOU: AJAST NAN MWA DESANM! 🔥⚽
Nou envite nou rete mobilize, rete motive epi kontinye pote menm enèji sa a pou pwochen konpetisyon an.
FC💛❤️
fans Lenbe pap peri Bagay 9 Ofisyèl Mikwo Pèp La Mèt vil la Stephan Ito NarcisseMèt Nono Info Plus Eco