Parc Vincent Football Jeunes U17

Parc Vincent Football Jeunes U17

Partager

Mettre en exergue les talents de nos jeunes,Resserrer les liens et réduire les fossés entre les je

Photos from Parc Vincent Football Jeunes U17's post 04/09/2026

🎧🔥 **LÈ DJ YO PRAN KONTWÒL LA, VIBE LA PA GEN LIMIT!**

Apre tout bèl moman mizik ki te deja make sware a, se te moman pou **DJ Welly, DJ Master Mix ak DJ Mazz** pran kontwòl anbyans lan. 🎶🔥

Chak DJ te vini ak pwòp fason pa yo pou mete enèji nan sware a, fè moun danse, chante, souri epi viv moman an jan li dwe ye a. De yon son pou rive nan yon lòt, mizik la t ap kontinye fè tout espas la vibran. 💥🎧

Se te youn nan pati ki te pote anpil mouvman nan premye sware festival la. Konsa, sware a pa t sèlman yon seri pèfòmans, men yon eksperyans kote mizik, amizman ak piblik la te vin fè yon sèl. 🙌🏽✨

🎧 **DJ WELLY • DJ MASTER MIX • DJ MAZZ**

Yon sèl sware. Plizyè DJ. Yon sèl gwo vibe. 🔥🎶📸

Photos from Parc Vincent Football Jeunes U17's post 01/09/2026

YON FINAL RETE YON FINAL! 🏆🔥

Apre gwo emosyon Gran Final la, plezi a te kontinye san kanpe! 🎉🔥

Sware a te chaje ak bon anbyans, bon mizik ak anpil animasyon. L Won, RAM, Mass Konpa, ansanm ak plizyè DJ, te mete dife nan Parc-Vincent jiskaske jou kase! 🎶💃🏾🕺🏾

17èm edisyon Parc-Vincent Football Jeunes la pa t sèlman yon konpetisyon foutbòl… se te yon gwo fèt pou tout kominote a! ❤️⚽🎉

📸: 4-LAS production 📸

Photos from Parc Vincent Football Jeunes U17's post 01/09/2026

🏆 FINAL ISTORIK! | BASCO 2-2 NÈG YO

Yon final ki te kite tout pwomès li! 🔥⚽️

Nan yon match ki te chaje ak emosyon, batay ak detèminasyon, BASCO ak NÈG YO pa t rive separe apre 90 minit. Skò final la: 2-2.

Se te moman verite a… SEYANS PENALITI! 🎯

Epi se la NÈG YO ekri pwòp paj pa yo nan gwo liv istwa Parc-Vincent Football Jeunes. Avèk yon viktwa 3-1 nan penaliti, yo ranpòte gwo final la epi yo vin nouvo WA PARC-VINCENT FOOTBALL JEUNES! 👑🏆

Yon rèv ki tounen reyalite.
Yon ekip ki te kwè.
Yon final ki pap janm bliye.

NÈG YO CHANPYON 2026! 🏆👑🔥

Part II

Photos from Parc Vincent Football Jeunes U17's post 01/09/2026

🏆 FINAL ISTORIK! | BASCO 2-2 NÈG YO

Yon final ki te kite tout pwomès li! 🔥⚽️

Nan yon match ki te chaje ak emosyon, batay ak detèminasyon, BASCO ak NÈG YO pa t rive separe apre 90 minit. Skò final la: 2-2.

Se te moman verite a… SEYANS PENALITI! 🎯

Epi se la NÈG YO ekri pwòp paj pa yo nan gwo liv istwa Parc-Vincent Football Jeunes. Avèk yon viktwa 3-1 nan penaliti, yo ranpòte gwo final la epi yo vin nouvo WA PARC-VINCENT FOOTBALL JEUNES! 👑🏆

Yon rèv ki tounen reyalite.
Yon ekip ki te kwè.
Yon final ki pap janm bliye.

NÈG YO CHANPYON 2026! 🏆👑🔥

Part I

Photos from Parc Vincent Football Jeunes U17's post 01/09/2026

🌟 APRÈ FOOTBALL LA, FÈT LA TE KONTINYE! 🎶🔥

Apre gwo batay pou 3èm plas nan Parc-Vincent Football Jeunes, anbyans lan pa t janm desann! 🏆⚽

🎤 BÈL LA
🎶 TEAM PERFEC
🎧 Plizyè DJ
🔥 Epi pou mete bèl final la sou sware a, KREYOL LA te vin klotire yon nwit ki chaje ak mizik, dans, souri ak bon anbyans!

Parc-Vincent pa t sèlman viv foutbòl… li te viv yon vrè fèt! ❤️‍🔥

📸 Men kèk imaj ki ap fè nou reviv moman yo…

17ÈM ÉDITION — PARC-VINCENT FOOTBALL JEUNES
⚽🏆🎶 Sport • Culture • Jeunesse • Fête

📸.:4-LAS production

Photos from Parc Vincent Football Jeunes U17's post 01/09/2026

🏆 DESCAHOS BIG PRAN 3ÈM PLAS LA! 🔥⚽

Yon gwo batay pou meday an kwiv la! 🥉
DESCAHOS BIG ranpòte viktwa 4-1 fas ak BON BÒ nan match 3èm plas la.

Yon match ki te chaje ak entansite, batay ak emosyon jiska dènye siflèt la. 💪🏾🔥

👏🏾 FELISITASYON DESCAHOS BIG!
3ÈM PLAS PARC-VINCENT FOOTBALL JEUNES 2026! 🥉🏆

01/09/2026

🙏🏽 MÈSI POU 17ÈM EDİSYON AN!

Atravè tout ekip, jwè, antrenè, abit, patnè, sponsò, medya, volontè ak fanatik yo, Magic Cré-Action di nou yon gwo MÈSI pou konfyans, sipò ak patisipasyon nou. ❤️⚽

17èm edisyon an fè istwa… men istwa Parc-Vincent Football Jeunes la kontinye!

🔥 18ÈM EDİSYON AN AP PARE!

Nouvo edisyon. Nouvo defi. Nouvo istwa.

— MAGIC CRÉ-ACTION

31/08/2026

🏆🔥 NÈG YO CHANPYON!!! 🔥🏆

Yon nouvo chapit ekri nan gwo liv PARC-VINCENT FOOTBALL JEUNES! 📖⚽

Apre yon bèl pakou batay, detèminasyon ak kouraj, NÈG YO leve twofe a epi yo kouwone kòm CHANPYON 2026! 🏆👑

NÈG YO EKRI ISTWA YO.
NÈG YO EKRI ISTWA PARC-VINCENT.
NÈG YO SE CHANPYON!!! 🖤🔥

30/08/2026

Map zòn pak Vincent

30/08/2026

Kreyol la love ti final 17ème édition pv Football Jeunes

Vous voulez que votre entreprise soit Gym la plus cotée à Ville des Gonaives ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Site Web

Adresse


12, Parc Vincent
Ville Des Gonaives
4110HT