09/22/2026
FHF – LIG DÈ NASYON CONCACAF
Ayiti – Trinidad & Tobago / Ayiti – Kosta Rika nan lakou Jamayik
Mwens pase twa (3) mwa apre patisipasyon yo nan Mondyal 2026 la , Grenadye yo pral retounen nan batay la. Fwa sa a, se nan kad Lig dè Nasyon Concacaf la, yon konpetisyon ki rasanble seleksyon nasyonal yo nan rejyon Concacaf la epi ki sèvi tou kòm youn nan mwayen pou ekip yo kalifye pou pwochen edisyon Gold Cup la, ki pwograme pou dewoule pandan ete 2027 la.
Se nan lakou peyi Jamayik seleksyon nasyonal Ayiti a pral jwe de (2) premye match li yo nan seri sa a. Grenadye yo pral resevwa Trinidad & Tobago jedi 24 septanm, anvan yo rankontre Kosta Rika dimanch 27 septanm.
Rasanbleman Grenadye yo te kòmanse nan Kingston, kapital Jamayik, depi samdi 19 septanm, kote responsab ekip la te rive ak materyèl ki nesesè pou travay seleksyon an pandan tout peryòd fenèt FIFA septanm–oktòb la.
Dimanch 20 septanm nan aswè, se te tou pa antrenè prensipal la, David Badia, ansanm ak tout manm estaf teknik la, pou yo te rejwenn ekip la.
Pami manm estaf la, nou kapab site Marc Chervaz, ki soti Laswis, ak Alberto Vásquez, ki soti ann Espay. Antrenè gadyen yo, Idriss Kameni, ansyen golkipè seleksyon Kamewoun nan, te rejwenn ekip la tou. Li se yon figi fanatik foutbòl ann Ayiti konnen trè byen.
Yon lòt kote, pwogram pou Grenadye yo rive Jamayik ap fèt sou de (2) jou, yè lendi 21 septanm nan ak jodi madi a, pou yo kòmanse travay nan kad preparasyon pou de (2) rankont sa yo.
Apre de (2) match sa yo Grenadye yo pral pran direksyon Repiblik Dominikèn pou yo jwe kont seleksyon dominikèn nan 1ye oktòb. Katriyèm epi dènye match seri a pral dewoule nan lakou Kosta Rika, kote Ayiti pral rankontre seleksyon lokal la 4 oktòb.
FHF Kominikasyon, 21 septanm 2026