Call Directions

Koze9 Ayiti pap peri 🇭🇹❤️
(15)

🚨 Rudy Sanon lagel san filtè, li di Muscadin pa bon moun, se ansyen chofè Hervé Foucant li te ye. Se djòb sal lap vin fè...
10/13/2026

🚨 Rudy Sanon lagel san filtè, li di Muscadin pa bon moun, se ansyen chofè Hervé Foucant li te ye. Se djòb sal lap vin fè pou nèg sa yo sil ta rive Prezidan. 🥶

Rudy fè konnen, si nou bezwen wè kote Muscadin pa bon moun, gade Jounalis kap sipòtel yo. Egzanp Guerrier Henry, depi Guerrier ap sipòte yon moun li paka bon moun. Muscadin se yon PHTK degize.

Rudy mande nou kale zye nou, pwomote Muscadin kòm Prezidan se yon gwo mank de respè anvè Peyi a.

Kisa nou panse ?

🚨 John Wesley Delva raple Theriel Thelus ak Morvan se 2 gasyon yo ye, yo pa sipoze nan pas plede tire pwen, se konpòtman...
10/13/2026

🚨 John Wesley Delva raple Theriel Thelus ak Morvan se 2 gasyon yo ye, yo pa sipoze nan pas plede tire pwen, se konpòtman gason zepòl kase sa ye. 😁

Nan yon post sou paj Facebook li, John Wesley Delva mande lapè nan mitan 2 nèg yo ki toujou ap ede kominote a nan fason pa yo, li di: « Morvan/ Thériel, bon sa k ap pase nou la. Mesye nou raz anpil wi. Kòm de nèg ki te zanmi, m twouve nou raz amò. M pale nou twòp an prive pou espektak santi di n ap vann moun la. M panse m bouke ak modèl konpòtman sa yo. Si nou pa ka fè yon deba pou moun aprann de nou, kòm gason, sispann ak radòt tire pwen an, òganize yon match bòks pito. Twuips »

Daprè Jounalis la ki se zanmi tou 2 nèg yo, yon match bòks ap mye ke plede tire pwen an. 😂

Rapèl ke bif sa te kòmanse depi sou DG Normil Rameau, TT te deside kanpe anfas Rameau ki se alye Morvan
e li vin re chofe ankò nan moman sa pou kesyon Muscadin kòm fiti Prezidan Peyi a ke Morvan deside konbat avèk tout fòs.

Selon nou menm kiyès nan 2 nèg yo ki nan enterè Peyi a?
Tt batay li fè jete Rameau kòm chèf Polis.
Morvan menm kanpe anfas Muscadin ki se kandida prefere Theriel.

🚨 Westerlie mete respè devan Anie ak Rutshelle aprè konsè 12 Era, li di: “Rutshelle & Annie Alerte yo se exactement sa y...
10/13/2026

🚨 Westerlie mete respè devan Anie ak Rutshelle aprè konsè 12 Era, li di: “Rutshelle & Annie Alerte yo se exactement sa yo panse yo ye an, 2 Queen, 2 Pwa lou, 2 indispensable fanm nan HMI la, m renmen nou. »😍❤️🔥

Anpil moun di Wes pa tap janm pale lòt fason paske li pa vle wè Duo Bedjine Kadilak la, li tou pwofite de moman sa poul eseye rabese Bedjine…

🚨 Theriel alye Muscadin, Morvan anti-Muscadin. Batay la retounen kare ankò ant TT ak Morvan sou rezo a ! 🥶Maten apre Mor...
10/12/2026

🚨 Theriel alye Muscadin, Morvan anti-Muscadin. Batay la retounen kare ankò ant TT ak Morvan sou rezo a ! 🥶

Maten apre Morvan fin lage yon video poul reponn yon post Theriel te fè, eh bien TT al rale tout vye achiv Morvan li poste sou paj Facebook li, prezizeman videyo kote Morvan tap mande Napoléon padon an. Morvan reponn nan yon post li di: « Ti Jounalis 6m, mwen pap poste pouw paske mwen wèw san pwa. Sim ta pran klasik saputo a mwen poste sa tap rafrechi memwa ou, pouw ta wè nan ki eta ou sòt. Menm moun ki kwè nan tripòt patap imilye konsa. Sim ta poste li favè m'tap fèw. »

Kisa nou panse de big sa?

🇭🇹 « L’union fait la force » Bravo pou Anie ak Rutsh 👏
10/12/2026

🇭🇹 « L’union fait la force » Bravo pou Anie ak Rutsh 👏

🚨 Theriel Thelus mande Anie poul kite zenyèz, se mizik piblik la bezwen nan menl, se pa plede voye pwen !!! 😁Nan yon pos...
10/12/2026

🚨 Theriel Thelus mande Anie poul kite zenyèz, se mizik piblik la bezwen nan menl, se pa plede voye pwen !!! 😁

Nan yon post sou paj Facebook li, TT di: « Se sa m toujou mande Anie wi, Anie se yon talan konfime, li pa bezwen fè grimas ni zen pou l pase paske l pwouve l deja. Se mizik nou mande w jis ba nou mizik paske gen pou zye, gen pou zòrèy. Limite ti toya yo, evite zen yo epi lage konpa sou nou. Enèji »

🚨 Dieu merci Anie ak Rutshelle pat nan bif, si non nou pa tap viv bèl prestasyon sa aswè a !!! ☺️😍Félicitations mesdames...
10/12/2026

🚨 Dieu merci Anie ak Rutshelle pat nan bif, si non nou pa tap viv bèl prestasyon sa aswè a !!! ☺️😍

Félicitations mesdames 🇭🇹👏

🚨Ekip Barcelone nan anfas yon kalandriye ki parèt trè difisil pou mwa Oktòb la. Se bon moman pou Ekip Hansi Flick la kon...
10/12/2026

🚨Ekip Barcelone nan anfas yon kalandriye ki parèt trè difisil pou mwa Oktòb la. Se bon moman pou Ekip Hansi Flick la konfime vrè fòm yap konnen depi kòmansman sezon an. 👀

Kiyès nan EKIP sa yo nou panse kap rive met do Barça atè?

🚨 Daprè John Colem Morvan konpòtman ak langaj Muscadin pa sanble ak moun ki etidye dwa. Li deklare kel prè pou bay 1 000...
10/11/2026

🚨 Daprè John Colem Morvan konpòtman ak langaj Muscadin pa sanble ak moun ki etidye dwa. Li deklare kel prè pou bay 1 000$ ak nepòt moun ki ka pwouvel ke Komisè a te chita anndan yon sal de klas ap apran dwa. 🥶

Apèl peye pou nepòt moun ki pwouve e demanti Morvan…

🚨 Pou Kimberly Pierre, Vinicius dwe pran plizyè match Sispansyon. 🥶
10/10/2026

🚨 Pou Kimberly Pierre, Vinicius dwe pran plizyè match Sispansyon. 🥶

Address

N
Americus, GA
14609

Telephone

+12293315509

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Koze9 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share