Koze9 Ayiti pap peri 🇭🇹❤️
(15)

🚨 Ansyen Minis, Joaseus Nader lage yon gwo deba sou rezo yo apre ke li deklare ke Muscadin pa gen kapasite pou Dirije Pe...
09/15/2026

🚨 Ansyen Minis, Joaseus Nader lage yon gwo deba sou rezo yo apre ke li deklare ke Muscadin pa gen kapasite pou Dirije Peyi a ! 🤯

Nader🗣️: « Muscadin ka ede Peyi a nan yon pakèt bagay men m pa janm wè Muscadin kòm Prezidan Peyi a. Li pa gen yon kilti administrasyon, yon kilti de negosiyasyon e li gen anpil pwa ki peze sou tèt li apati de kominote entènasyonal yo donk nou pral fè 5 lane nan gen konfli ak moun sa yo.

Pa bliye z@m pa pote chanjman, li ka netralize b4ndi men li paka fè yon Peyi soti nan mizè, li paka fè devlopman.

Muscadin ka ede nan sitèm sekirite men m pa wèl kòm Prezidan. »

Sa se deklarasyon ansyen Minis la, ke anpil moun twouve ki trè lojik e reyèl ! ✅

Kisa nou panse de entèvansyon Joaseus Nader a ?

🚨 Pandan soti li nan mikwo Laprès jodia, Komisè Muscadin tou pwofite takle Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ki se chèf...
09/15/2026

🚨 Pandan soti li nan mikwo Laprès jodia, Komisè Muscadin tou pwofite takle Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ki se chèf CSPN nan! 👀

Komisè a deklare ke « Ayiti pa gen pwoblèm ensekirite men pito se lòd Lapolis pa jwenn. »

Muscadin fè konnen se paske ensekirite a bon pou Gouvènman ki fè nèg yo pa vle rezoud li, pou eleksyon ka pa janm ka fèt nan Peyi a ! 🤚

🚨 Tout sispens fini, li pa yon sekrè pou pèsòn ankò !!! Komisè Muscadin deklare ofisyèlman ke lap kandida nan pwochen el...
09/14/2026

🚨 Tout sispens fini, li pa yon sekrè pou pèsòn ankò !!! Komisè Muscadin deklare ofisyèlman ke lap kandida nan pwochen eleksyon yo ! 🇭🇹✅

Komisè a deklare ke nèg yo deja kòmanse barel poul pa rive kotel vle a men li pa pè nèg yo e lap afwonte yo…

Muscadin fè konnen lap travay avec le temps pou ke tout 10 depatman yo tounnen yon simetyè pou nèg yo nan Peyi a, yon nèg ap pi fasil poul di ke li se kad€jakè olye li dil se band¡.

🗣️: « Mwen men rèv pam se rekipere tout komisarya ki te pèdi yo, si yon jou m pa taka rekipere yo kòm chèf mp bay vag. »

Eske nou panse Komisè a se pwofil ideyal ki pou pran tèt Peyi a ?

🚨 Ansyen Senatè Moïse Jean Charles fè konnen ke poko ka gen eleksyon nan Peyi a e se li kap di nou Kilè ka gen eleksyon ...
09/14/2026

🚨 Ansyen Senatè Moïse Jean Charles fè konnen ke poko ka gen eleksyon nan Peyi a e se li kap di nou Kilè ka gen eleksyon !!! 🤚

Moy sèmante ke nèg yo pap ka vann Erick Prince Peyi a devan zyel la… Li fè konnen kel deja chita pale ak tout alyel yo nan lide poul defann enterè Peyi a.

🗣️: « Pap gen eleksyon nan Peyi a tout tan pa gen sekirite, pap gen eleksyon nan Peyi a tout tan Erick Prince kontwole Awyopò nou

Mwen se Moïse Jean Charles, lè pral gen eleksyon nan peyi a se mwen kap anonsel. »

Kisa nou panse de deklarasyon Moïse la ki pale ak anpil otorite kòmsi se li ki premye chèf Peyi a deva Fils-Aimé? 👀

🚨 Anpil moun kap viv Ayiti temwanye ke nouvèl sa tonbe tankou yon l@nmò pou yo nan moman ke yap aprann ajan I€E kenbe yo...
09/14/2026

🚨 Anpil moun kap viv Ayiti temwanye ke nouvèl sa tonbe tankou yon l@nmò pou yo nan moman ke yap aprann ajan I€E kenbe yon pwòch yo nan nan USA ! 🇭🇹🥺

« Mwen santim pagen souf ankò. » Sa se te mwanyaj yon vit¡m pandan ke li fin aprann ke yo pran gran sèl…🤦‍♂️

Dèfwa moun sa yo ke I€E kenbe a se tout espwa yon fanmi isit, anpil moun ap konnen move tan dènye moman sa yo sitou avèk lekòl la ki pral ouvri an Ayiti pandan ke I€E pa sispann pran moun ki nan pozisyon pou ta ede yo… 💔

Anpil nan vilt¡m sa yo fè konnen yo pa ta swete pèsòn viv sitiyasyon sa koz li di anpil… Yo menm ale pilwen, pou yo di sitiyasyon sa konsidere kòm « ti frè l@nmò » sitou lè yo panse ak sitiyasyon moun nan ki gen chwa swa tounnen isit, pandan ke sitiyasyon Peyi a pa sispan dejerenere oubyen asepte yon aparèy nan pyel ki pap edel mantalman ditou…🥺

Konbyen nan nou ki gentan tonbe nan sitiyasyon difisil sa?

🚨 John Colem Morvan kwè ke ane sa moun ki merite Ballon d’or a pa lòt ke Lamine e si yo pa balil, pou li menm pri sa ap ...
09/14/2026

🚨 John Colem Morvan kwè ke ane sa moun ki merite Ballon d’or a pa lòt ke Lamine e si yo pa balil, pou li menm pri sa ap san valè !!! 🤯

Morvan deklare ke Si Yamal pa gen balondò a ane sa a, li pap pran bagay meyè jwè mond oserye ankò…

« Balòndò se pou meyè jwè e 2 dènye ane sa yo foutbòl la gen yon sèl jwè li rele Yamal. Sof Messi kite ka challenge Yamal li an amerik. » 🥶

Ki sa nou panse de deklarasyon Morvan nan ?

🚨 Pandan pasaj li nan Peyi Larisi, Ariana pwofite de eksperyans li dèyè a pou voye yon mesaj bay Pèp Ayisyen an pou pwoc...
09/13/2026

🚨 Pandan pasaj li nan Peyi Larisi, Ariana pwofite de eksperyans li dèyè a pou voye yon mesaj bay Pèp Ayisyen an pou pwochen eleksyon yo! 🇭🇹🤚

Ariana fè konnen, li remake lè non prezidan Vladimir Poutine site Larisi, Pèp la kontan, anpil kri ak aplodisman pou Prezidan an, e li sèvi ak obsèvasyon sa poul ankouraje tout Ayisyen pou yo pa vote pou 1000g ankò men pou yo vote pou kandida yo kwè ladanl lan avèk konviksyon ak angajman.

« Vote ak kè nou, vote ak tout kò nou, vote ak nanm nou. Lè yo site non Prezidan pa nou poun ka rele anmweyyyy tou. »

Avèk deklarasyon sa a, Ariana montre fason li ta renmen wè pèp ayisyen an viv chwa elektoral li yo nan ane kap vini yo…🇭🇹🥹

Ki moun nou panse ki ka fè Pèp Ayisyen fè bri pou li menm jan ak Poutine ?

M swete trèv entènasyonal la pa chanje dimanik pyès nan 2 ekip yo avan Klasiko a 🤚
09/13/2026

M swete trèv entènasyonal la pa chanje dimanik pyès nan 2 ekip yo avan Klasiko a 🤚

🚨Apre doub li make jodi a nan bèl viktwa 4-2 ekip Barcelone nan kont Levante, Lamine Yamal antre nan listwa Liga a !🇪🇸😍A...
09/13/2026

🚨Apre doub li make jodi a nan bèl viktwa 4-2 ekip Barcelone nan kont Levante, Lamine Yamal antre nan listwa Liga a !🇪🇸😍

Atakan Barcelone nan vin dezyèm jwè depi kòmansman syèk la ki rive make twa doube nan senk premye match li yo nan yon sezon nan Liga. Li egale rekò Lionel Messi te etabli nan sezon 2012-2013 la.

Lamine Yamal ap kontinye mete non li bò kote pi gwo jwè nan listwa chanpyona Espay la. 👑

🚨 Ansyen Senatè Gracia Delva ke anpil moun konnen sou non chapit IV, anonse kandidati li pou pwochen eleksyon yo !!! 👀An...
09/13/2026

🚨 Ansyen Senatè Gracia Delva ke anpil moun konnen sou non chapit IV, anonse kandidati li pou pwochen eleksyon yo !!! 👀

Ansyen senatè a ki te pase nan palman an ki pat regle anyen konfime lap retounen kòm kandida, men li estime moman an poko favorab pou òganize eleksyon nan peyi a, sitou akoz sitiyasyon sekirite a.

Daprè Gracia « yon moun ki lisid paka pale de eleksyon nan moman si wap gade jan Peyi a ye la. »

Ansyen Senatè a kwè ke se tout pitit Peyi a ki dwe chita pou nou jwenn yon wout pou nou soti kote nou ye a la e wout poun soti kote nou ye a se lapè, e se lapè ki pou bay sekirite, san lapè paka gen eleksyon !

Eske nou panse Pèp la ta dwe bay Gracia yon lòt chans pou al reprezante nou nan palman ou byen kòm Prezidan ?

Address

N
Americus, GA
14609

Telephone

+12293315509

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Koze9 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share