HTI High Training Institute

HTI High Training Institute

Share

Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from HTI High Training Institute, spring valley, Orlando, FL.

05/23/2025
01/31/2025

Bonjour Bonjour le monde intelligible!

07/08/2023

Vin gade kijan Ayiti bèl

Photos from HTI High Training Institute's post 04/15/2023

An nou re viv kèk bèl imaj de aktivite ki te tanmen nan lakou yogann dimanch pak ki sot pase a la e nap tou pwofite mete aksan sou kèk eeeee.

Genyen yon otè non li se Phillippe Néricault mesye sa envante yon espresyon nan peryòd XVIII syèk yon espresyon ke nou souvan tande moun ap repete'l kisa'l ye menm?

04/15/2023

Youn nan pi bèl wòl ke ou te jwe pandan defile rara yogann nan abiman an makiyaj la raple anpil moun yogann estati rèn anakawona ki sou plas yogann nan felisitasyon avek manm komite rara a se vre pap pa gen kritik konstriktif e destriktif men mwen swete nou sèvi ak yo pou nou pote yon pi bel defile ane pwochèn

04/14/2023

Week-end d'abonnement 🚀🚀🚀🚀🚀je veux 1000 nouvelles pages sur
HTI High Training Institute

04/10/2023

Merci de faire partie de mes followers les plus actifs ainsi que de ma liste hebdomadaire des interactions ! 🎉 Iviolino Prince Ivio Amilcar Christel Princius Taslim khan

Photos from HTI High Training Institute's post 04/07/2023

Mwen fè pòs sa pou'm yon ti pale de rara an Ayiti ki gen pou santral li yogann vil rara a se sa yo nou pral wè si se vre.🤷‍♂️

Maten an mwen tonbe sou yon ti video sou Facebook la kote gen yon swadizan sitwayen ki se premye sitwayen nan yon vil ki pote non gonayiv ki ap eseye krache sou travay moun yogann nan zafè rara le mond konnen kisa yogann reprezante nou pa gen anfas se sa di men eske se vre?

Avan tou mwen vle raple kèk nan nou kote aktivite kiltirèl sa soti orijin e istorisite'l

Rara se yon tandans mizikal ki pratike sou ti bout tè papa desalin nan se yon fòm mizik ke jwe pandan gen moun ki ap defile nan lari bèl dekorasyon maryaj koulè maryaj enstriman tanbou banbou kòn tyatya twonpèt kès bagèt majòjon.

Generalman se yon aktivite ki toujou kòmanse aprè kanaval fini mèkredi dè sann.

Festival rara a pwobableman te pran nesans li nan peryòd esklavaj kolonyal lòske esklav afriken e afwo kreyòl yo nan koloni sen domeng yo te genyen kòm abitid chak peryòd pak frape tanbou tyatya soufle nan banbou ak lonbi e tout lòt kalte enstriman yo jwenn yo fè yon maryaj son ak yo pou bay rit mizikal sa ki se rara.

Ok ok ok men....

Mwen vle atire atansyon kèk moun ki ta gen panse sa ke rara se byen prive yon vil nan Ayiti a li ye non non rara se kilti peyi nou men nou vle fè kèk moun konnen ke gen yon vil ki metrize aktivite rara l byen e ki vann li ak entènasyonal la on lòt jan san panse ke se yon gwoup sosyete malfektè ki nan lari a.🤷‍♂️

Yogann kapital rara yon vil ki vann kilti peyi nou pwòp kote tout moun ka danse l tout je ka gade l moun pwòp santi bon klere se yon epòk ke dyaspora pa negosye paske tanbou se nanm se fòs nou kote tanbou frape ou santi gen vi.

Mwen pa fè pòs sa poum fè dyòlè ke yogann pi bon aprè l pa gen lòt nan zafè rara paske prèv yo la men mwen vle di nou ke tout vil nan peyi a ka pratike aktivite rara lakay yo si yo vle paske rara se kilti nou nou paka jete l pou yon lòt, rara a pa pou yogann e yo pa di rara se byen prive yo tou men mwen vle di a tout vil ki ap pratike aktivite kiltirèl sa, se kijan kouman e ki fason nou vle vann rara a avèk entènasyonal la san nou pa mete yon vye panse nan lespri yo ke sa yap gade a la sa yap tande a la se yon bann chanpyèl lougawou ki nan lari a.

Tanbou frape tout moun ka danse men si pou fè yo danse fòk ou kapab fè yo viv tandans mizikal sa zansèt yo te konn pratike pou mete nan nanm yo e gen yon fason pou fè yo ponpe pyafe vole menm lwa ka desann😃😃

Neil Latortue # mayistwa vil gonayiv la🏃‍♂️💪

Jodia se vandredi sen vil yogann an mouvman la e kòm komisyon moun yo yogann banm bay majistra vil gonayiv la yo envite'w dimanch pak vin gade rara yogann vin danse fanfa a vin wè kijan yo fè rara lakay yo e tout frè ou sou kont yo wap sou responblite yo komisyon pa chay

Pataje l fèl jwenn mèt li souple 🙏🙏

Want your business to be the top-listed Gym/sports Facility in Orlando?

Click here to claim your Sponsored Listing.

Location

Culinary Team

Attire

Website

Address


Spring Valley
Orlando, FL
10977