04/08/2026
Kompany aprè match la :
« Vinicius? Se premye fwa mwen rankontre l. Mwen panse Viní ta dwe rete jan l ye a. Epi li gen tout sipò mwen, kit li se yon jwè advèsè kit li pa. Mwen panse pafwa ou bezwen jwè sa yo.
Nou genyen yo tou, epi nou apresye siksè yo. Franck Ribéry te youn nan yo pou Bayern Munich, epi ou gen dwa gen opinyon pa ou.. Men, ou pa ka travèse yon limit, e se poutèt sa mwen gen anpil respè pou Vini.
Bravo pou Kompany👏👏
04/08/2026
Yo te sèlman drible Trent Alexander-Arnold yon fwa kont Bayern Munich.
Li te fè 8 rekiperasyon, li te genyen 3 sou 4 duel li t fè yo, li te fè 1 entèsepsyon, epi li te degaje 2 boul.
Anplis de sa, li te konplete 5 santre, li te kreye 2 okazyon, epi li te bay yon mayifik pas gòl. 🔥👏
03/25/2026
🚨 NOUVÈL NIMEWO JWÈ EKIP FRANS LAN POU MATCH AMIKAL YO.
03/20/2026
🏆 1000 MATCH NAN KARYÈ POU YON LEJAND! 🇧🇷✨
Thiago Silva rive nan etap enpòtan 1000 match nan karyè li 👏🔥
Yon etap enpòtan ki te rive pandan yon sware Ewopeyen nan UEFA Europa League la.
Defansè brezilyen an te selebre moman istorik sa a avèk viktwa 2-0 FC Porto a sou VfB Stuttgart 💙
🛡️ Yon lonjevite ak yon konsistans enpresyonan nan pi wo nivo... Thiago Silva kontinye ekri lejand li match apre match.
03/20/2026
Men ekip semèn nan pou ligue des Champions an.
Kiyès ou wè ki pa gen plas li nan ekip la.
03/20/2026
Daprè ou mnm kiyes ki mérite meyè jwè pou semèn nan Ligue des Champions an.